1 Samyèl 16:4-13

1 Samyèl 16:4-13 HAT98

Samyèl fè tou sa Senyè a te di l fè a. Lale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l. Yo tout te gen kè sote. Yo di l konsa: — Eske se pou byen nou ou vin isit la? Samyèl di: — Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Senyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avè m nan sèvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou. Lè yo rive, Samyèl wè Eliyab, yonn nan pitit gason Izayi yo, li di nan kè l: — Nèg sa a ki kanpe devan lotèl la, sèten se li menm Senyè a chwazi. Men Granmèt la di l: — Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun. Apre sa, Izayi fè rele Abinadab, yon lòt nan pitit gason l yo, li mennen l bay Samyèl. Men, Samyèl di: — Sa a tou, se pa li Senyè a chwazi. Izayi fè mennen Chama devan Samyèl. Men, Samyèl di: — Sa a tou, se pa li Senyè a chwazi. Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa: — Non, Senyè a pa chwazi yonn ladan yo. Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: — Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: — Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l'al mennen mouton m yo al nan manje. Samyèl di li: — Voye chache l, paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini. Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Senyè a di Samyèl: — Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li. Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Senyè a desann sou David. Depi jou sa a, li pat janm kite l. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an