1 Samyèl 16:1-7

1 Samyèl 16:1-7 HAT98

Senyè a di Samyèl konsa: — Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l jete pou l pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l yo pou vin wa. Samyèl di li: — Ki jan ou vle mwen fè bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l'a touye m. Senyè a reponn li: — Pran yon jenn ti gazèl avè ou, epi w'a di: Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Senyè a. W'a envite Izayi nan sèvis la. Mwen menm, m'a di ou sa pou ou fè. W'a mete moun m'a di ou la apa pou sèvi wa devan m. Samyèl fè tou sa Senyè a te di l fè a. Lale lavil Betleyèm. Chèf ki reskonsab lavil yo vin kontre l. Yo tout te gen kè sote. Yo di l konsa: — Eske se pou byen nou ou vin isit la? Samyèl di: — Wi se pou byen nou. Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Senyè a. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a vin avè m nan sèvis la. Li te mande Izayi ansanm ak pitit li yo pou yo te mete yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye tou. Lèfini, li envite yo nan sèvis ofrann bèt la tou. Lè yo rive, Samyèl wè Eliyab, yonn nan pitit gason Izayi yo, li di nan kè l: — Nèg sa a ki kanpe devan lotèl la, sèten se li menm Senyè a chwazi. Men Granmèt la di l: — Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.