1 Samyèl 13

13
Lagè ak moun Filisti yo
1Sayil #Tra 13.21 te majè #13.1: Sayil te majè: Nan tèks ebre a yo pa bay ki laj Sayil te genyen, ni konben lanne li te pase ap gouvènen pèp la. lè yo te fè l wa. Li pase kèk tan ap gouvènen pèp Izrayèl la.
2Sayil chwazi twamil (3.000) gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l lavil Mikmas ak nan mòn Betèl la. Lòt mil yo te avèk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo.
3Jonatan #Jij 3.27; 1 Sam 10.5 touye chèf moun Filisti yo ki te rete lavil Gibeya a. Moun Filisti yo vin konn sa. Sayil voye moun kònen twonpèt nan tout peyi a pou avèti pèp ebre a. 4Nouvèl la gaye nan tout pèp Izrayèl la: Sayil te touye chèf moun Filisti yo. Kounyeya moun Filisti yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Se konsa tout pèp la vin jwenn Sayil lavil Gilgal, yo kanpe avè l.
5Moun #Joz 11.4 Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y'al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil (30.000) cha lagè, simil (6.000) kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pat ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn. 6Moun #Jij 6.2; 1 Sam 14.11 pèp Izrayèl yo wè zafè a pat bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pat bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè. 7Genyen ki menm janbe lòt bò larivyè Jouden an, al nan peyi moun Gad yo ak moun Galarad yo.
Sayil menm te lavil Gilgal toujou. Tout moun ki te avè l yo t'ap tranble sitèlman yo te pè. 8Dapre dat Samyèl te fikse ba li a, li rete la sèt jou ap tann Samyèl. Sèt jou yo pase, Samyèl pa vin lavil Gilgal. Pèp la konmanse vire do yo kite Sayil. 9Lè Sayil wè sa, li di yo:
— Mennen bèt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lòt ofrann pou mande Bondye padon yo.
Epi li fè ofrann pou boule nan dife a. 10Li t'ap fini fè sèvis ofrann pou boule nan dife a lè Samyèl parèt. Sayil al kontre l pou di l bonjou. 11Samyèl di li:
— Kisa ou fè konsa?
Sayil reponn li:
— Mwen wè pèp la t'ap pati kite m. Ou menm, ou pat vini lè ou te di ou t'ap vini an. Lèfini, moun Filisti yo t'ap sanble bò lavil Mikmas la. 12Mwen di nan kè m: Men moun Filisti yo pral vin atake m isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fè anyen pou mete Senyè a bò kote m. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m fè ofrann bèt pou boule nan dife pou Senyè a.
13Samyèl #1 Sam 15.11; 2 Sam 24.10; 2 Kwo 16.9 di Sayil konsa:
— Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Senyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba. 14Men #1 Sam 15.28; Tra 13.22 kounyeya, reny ou pa la pou lontan. Senyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l'a vle l fè, l'a mete l chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pat swiv lòd Senyè a te ba ou a.
15Epi Samyèl leve, li kite lavil Gilgal l'al fè wout li.
Tout rès pèp la pran swiv Sayil ki leve al jwenn sòlda li yo. Yo pati kite Gilgal, #13.15: Tout rès pèp la…kite Gilgal: Se nan ansyen vèsyon grèk la nou jwenn fraz sa yo. Pa genyen yo nan tèks ebre a. y'ale lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. Sayil fè enspeksyon lame ki te avè l la. Te gen sisan (600) sòlda konsa. 16Sayil rete nan peyi moun Benjamen yo ansanm ak Jonatan, pitit gason l lan, ak moun ki te avè l yo. Moun Filisti yo menm pran pozisyon lavil Mikmas. 17Sòlda #1 Sam 14.15 Filisti yo sòti kote yo te ye a pou y'al kraze brize. Yo fè twa gwoup. Yon gwoup pran chemen ki mennen lavil Ofra nan peyi Chwal la. 18Yon lòt gwoup pran chemen ki mennen lavil Bètowon, ak yon lòt gwoup pran chemen ki mennen sou fontyè a, kote moun ka donminen tout fon Zeboyim lan ale nan dezè a.
19#2 Wa 24.14 sa a, nan tan sa a, nan tout peyi Izrayèl la yo pat ka jwenn fòjon paske moun Filisti yo te sòti pou pa kite ebre yo fè ni nepe ni lans fè. 20Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te blije al lakay moun Filisti yo pou fè dan chari yo, wou yo, rach yo ak kouto digo #13.20: kouto digo: Se nan ansyen vèsyon grèk la nou jwenn mo sa a, men tèks ebre a bay dan chari yo. yo. 21Moun Filisti yo te mande yo yon ti pyès ajan pou file chak dan rach epi pou fè pwent frenn yo, de ti pyès ajan pou fè dan chari yo ak pwent wou yo. 22Se #Jij 5.8 sa ki fè, lè jou batay la rive, pat gen yonn nan mesye ki te avèk Sayil ak Jonatan yo ki te gen yon nepe osinon yon lans fè. Sèl Sayil ak Jonatan, pitit gason l lan, te gen yonn pou yo chak.
23Moun #1 Sam 14.4,5; 2 Sam 23.14 Filisti yo voye yon ganizon al defann pas Mikmas la.

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an