1 Samyèl 10

10
1Samyèl pran yon ti poban lwil oliv, li #Det 32.9; 1 Sam 9.16; 16.13; 2 Sam 2.4; 1 Wa 1.34,39; Sòm 78.71; 89.20 vide l sou tèt Sayil. Apre sa, li bo l, epi li di l:
— Senyè a ba ou pouvwa pou gouvènen pèp Izrayèl la ki rele l pa l. W'a gouvènen pèp li a, w'a delivre yo anba men tout lènmi ki bò kote l yo. Men sa k'ap fè ou wè se Senyè a menm ki mete ou apa pou gouvènen pèp ki pou li a. #10.1: Wa gouvènen pèp li a…ki pou li a: Se nan yon vèsyon grèk nou jwenn tout pawòl sa yo. Pa genyen yo nan tèks ebre a. 2#Jen 35.19,20; 1 Sam 9.3,5 w'a kite m jòdi a, w'a jwenn de mesye toupre tonm Rachèl la lavil Sèlza, nan lizyè peyi moun Benjamen yo. Y'a di ou bourik ou t'ap bouske yo, yo jwenn yo. Men, kounyeya papa ou bliye bourik li yo, se pou ou li gen tèt chaje. L'ap mande: Kisa mwen pral fè pou pitit gason m lan? 3Lèfini, #Jen 35.1,3,7; Jij 20.18,26 w'a mache pi devan jouk w'a rive bò pye bwadchenn Tabò a. Lè w'a rive la, w'a kontre ak twa nèg k'ap moute lavil Betèl pou y'al ofri bèt pou touye pou Bondye. Yonn ap mennen twa jenn ti kabrit, dezyèm lan va gen twa pen nan men l, twazyèm lan va gen yon veso fèt an po bèt plen diven. 4Y'a di ou bonjou, y'a ba ou de nan pen yo. W'a pran yo nan men yo. 5Apre #1 Sam 9.12; 13.3,4; 2 Wa 3.15 sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann sòti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesay ki sot nan Bondye. 6Lespri #Nonb 11.25; Jij 3.10; 14.6,19; 1 Sam 11.6; 16.13; 19.23,24 Bondye a va desann sou ou, w'a pran danse, w'ap bay mesay ki sòti nan Bondye tankou yo. Ou p'ap menm moun lan ankò. 7#Joz 1.5; Jij 6.12,17; Lik 2.12 bagay sa yo va rive, w'a fè tou sa ki vin pou fèt paske se Bondye k'ap avè ou. 8Apre #1 Sam 11.14,15 sa, w'a pran devan m, w'a desann lavil Gilgal kote m'a vin jwenn ou pita pou m ofri bèt pou boule nèt pou Senyè a ansanm ak ofrann pou di Bondye mèsi. Lèfini, w'a tann sèt jou anvan m'a vin jwenn ou ankò pou m di ou sa pou ou fè.
9Vire Sayil vire pou l kite Samyèl, Bondye fè Sayil tonnen yon lòt moun nèt. Jou sa a tout pawòl Samyèl te di l yo rive vre. 10#1 Sam 11.6; 16.13 Sayil rive lavil Gibeya ak domestik li a, yon bann pwofèt vin kontre avè l. Lespri Bondye a desann sou li epi li pran danse, li pran bay mesay tankou yo. 11Tout #1 Sam 19.24; Mat 13.54,55; Jan 7.15 moun ki te konnen l anvan sa wè li t'ap danse, li t'ap bay mesay ansanm ak pwofèt yo. Yonn t'ap di lòt:
— Sa ki rive pitit gason Kich la? Sayil genlè pwofèt tou?
12Yon #Eza 54.13; Jan 6.45 moun lavil Gibeya ki te la mande:
— Lot mesye pwofèt yo, ki moun ki papa yo?
Se konsa moun te konmanse ap di: Gen lè menm Sayil pwofèt tou?
13Lè Sayil fin danse, lè li te fin bay mesay, li moute sou ti mòn lan bò lotèl la.
14Tonton #1 Sam 9.3-6; 14.50 Sayil la mande l ansanm ak domestik li a:
— Kote nou te ye konsa?
Sayil reponn tonton l lan:
— Mwen te al chache bourik yo. Lè nou pa jwenn yo, n'al kote Samyèl.
15Tonton Sayil la mande l:
— Rakonte m sa li di ou.
16Sayil reponn li:
— Li di m yo jwenn bourik yo deja.
Men, li pa di tonton l sa Samyèl te di l sou koze wa a.
Fèt pèp la fè pou wa
17Samyèl #1 Sam 7.5,6 reyini pèp Izrayèl la pou fè yon gwo sèvis pou Bondye lavil Mispa. 18Li #Egz 20.2; Jij 6.8,9; 1 Sam 12.8 di yo:
— Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la di: Se mwen menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki te delivre nou anba men moun Lejip yo, anba men moun lòt nasyon ki t'ap peze nou yo. 19Se #Joz 24.1; 1 Sam 8.7,19; 12.12 mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kè sere, epi kounyeya n'ap voye m jete, n'ap di m se yon wa pou m mete gouvènen nou! Enben, nou tout, vini non devan Senyè a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fè yo parèt devan li.
20#Joz 7.14,16,17; Tra 13.21 sa a, Samyèl fè tout pèp Izrayèl la pwoche branch fanmi pa branch fanmi. Senyè a chwazi branch fanmi Benjamen an. 21Apre sa, Samyèl fè tout fanmi branch Benjamen yo pwoche yonn apre lòt. Senyè a chwazi fanmi Matri a. Lè sa a, li fè tout gason nan fanmi Matri a parèt devan Senyè a, #10.21: li fè tout gason nan fanmi Matri a parèt devan Senyè a: Nou pa jwenn mo sa yo nan tèks ebre a. Se nan vèsyon grèk la yo ye. Bondye chwazi Sayil, pitit gason Kich la. Yo chache l, men yo pat ka jwenn li. 22Y'al mande Senyè a si pa gen lòt moun ankò.
Senyè a reponn:
— Men Sayil kache dèyè pwovizyon yo!
23Se #1 Sam 9.2 konsa yo kouri al wete l la, yo mennen l, yo fè l kanpe nan mitan pèp la. Li te pi wo pase yo tout.
24Samyèl #2 Sam 16.16; 1 Wa 1.34,39; 2 Wa 11.12; 2 Kwo 23.11 di pèp la:
— Men moun Senyè a chwazi a. Pa gen tankou l nan mitan pèp la.
Tout pèp la pran rele:
— Viv wa Sayil!
25Apre #Egz 17.14; Det 17.14-20; Joz 24.26; 1 Sam 8.11-18 sa, Samyèl esplike pèp la ki jan pou wa a boule ak yo. Lèfini, li ekri tou sa li te di yo nan yon liv li mete devan lotèl Senyè a. Apre sa, Samyèl voye tout moun lakay yo. 26Sayil #1 Sam 11.4; 15.34 tou al lakay li lavil Gibeya. Bondye te pale nan kè kèk vanyan gason. Yo menm tou, y'ale ansanm ak Sayil. 27Men #Det 13.13; 1 Sam 2.12; 11.12 te gen kèk voryen ki t'ap di:
— Ki jan jenn gason sa a ka rive delivre nou?
Yo pa okipe Sayil menm, yo pa fè l kado anyen. Sayil menm fè tankou li pa konprann.

Chwazi Kounye ya:

1 Samyèl 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte