1 Pyè 4:1-11

1 Pyè 4:1-11 HAT98

Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l wè ak peche ankò. Se pou li viv ti rès tan li gen pou l viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè. Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinay, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè. Kounyeya, moun sa yo twouve sa dwòl dèske nou pa fè bann ak yo ankò nan tout eksè sa yo. Se poutèt sa, y'ap pale nou mal. Men, yo gen pou yo rann kont bay Bondye ki deja pare pou jije ni moun ki vivan yo ni moun ki mouri yo. Se pou sa menm yo te anonse bòn nouvèl la bay moun ki mouri yo. Konsa, si lè yo te sou latè yo te tonbe anba jijman Bondye tankou tout moun, kounyeya yo ka viv nan pouvwa Lespri Bondye a, jan Bondye vle l la. Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n ka lapriyè. Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche. Se pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen. Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. Si yon moun ap pale, se pou l pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an