Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt nou devan mari nou. Konsa si gen mari ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san nou pa bezwen louvri bouch nou, paske y'a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo. Nou pa bezwen fè nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou bèl kwafi, yon kantite bijou lò, ak yon kantite rad gwo pri. Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye. Nan tan lontan, se konsa medam ki t'ap viv pou Bondye yo te fè tèt yo bèl: yo te mete espwa yo nan Bondye, yo te soumèt devan mari yo. Se konsa Sara te ye. Li te soumèt devan Abraram jouk li te rele li mèt. Nou menm tou, medam, nou se pitit Sara, si nou pa pè fè sa ki byen. Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay, se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi delika pase nou. Yo resevwa nan Bondye menm lavi ak nou tankou yon favè Bondye.
Li 1 Pyè 3
Koute 1 Pyè 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Pyè 3:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo