1 Pyè 3:1-12

1 Pyè 3:1-12 HAT98

Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt nou devan mari nou. Konsa si gen mari ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san nou pa bezwen louvri bouch nou, paske y'a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo. Nou pa bezwen fè nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou bèl kwafi, yon kantite bijou lò, ak yon kantite rad gwo pri. Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye. Nan tan lontan, se konsa medam ki t'ap viv pou Bondye yo te fè tèt yo bèl: yo te mete espwa yo nan Bondye, yo te soumèt devan mari yo. Se konsa Sara te ye. Li te soumèt devan Abraram jouk li te rele li mèt. Nou menm tou, medam, nou se pitit Sara, si nou pa pè fè sa ki byen. Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay, se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi delika pase nou. Yo resevwa nan Bondye menm lavi ak nou tankou yon favè Bondye. Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy. Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l ban nou lè li te rele nou an. Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l kenbe lang li pou l pa pale moun mal. Se pou l veye bouch li pou l pa bay manti. Se pou l sispann fè sa ki mal, se pou l fè sa ki byen. Se pou l chache viv byen ak moun. Se pou l fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun. Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.