1 Wa 15

15
Abijam, wa peyi Jida
(2 Kwonik 13.1—14.1)
1Jewoboram te gen dizwitan depi li #2 Kwo 11.20; 13.1,2 te wa peyi Izrayèl la, lè Abijam moute wa nan peyi Jida. 2Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twazan. Manman l te rele Maka, se te pitit fi Absalon. 3Abijam #1 Wa 11.4 te lage kò l nan fè menm bagay ak papa l. Li pat sèvi Senyè a, Bondye li a, ak tout kè li jan David, zansèt li a, te fè. 4Men #1 Wa 11.36 poutèt David, Senyè a, Bondye li a, te bay Abijam yon pitit gason pou te toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm apre li. Konsa lavil Jerizalèm va toujou rete kanpe. 5Senyè a #2 Sam 11.4,15; 12.9; 1 Wa 9.4; 14.8 te fè sa paske David te toujou fè sa ki dwat devan Senyè a. Pandan tout lavi li, li pat janm dezobeyi okenn lòd Senyè a, si ou wete zafè Ouri, moun peyi Et la.
6Pandan #1 Wa 14.30 tout reny Woboram lan, se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram. 7Toutan #2 Kwo 13.2-22 te gen lagè tou ant Abijam ak Jewoboram.
Tout lòt bagay Abijam te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 8#2 Kwo 14.1; Mat 1.7 Abijam mouri, yo antere l nan Lavil David la, Se Asa, pitit gason l lan, ki moute sou fòtèy la nan plas li.
Asa, wa peyi Jida
(2 Kwonik 15.16—16.6)
9Wa Jewoboram t'ap mache sou ventan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl, lè Asa moute wa nan peyi Jida. 10Li gouvènen pandan karanteyennan lavil Jerizalèm. Maka, pitit fi Absalon an, te grann li. 11Asa #2 Kwo 14.2 te fè sa ki dwat devan Senyè a, tankou David, zansèt li. 12Li #1 Wa 14.24; 2 Kwo 15.8 netwaye peyi a, li mete tout gason ak tout fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo deyò nan peyi a. Li wete tout vye zidòl chèf ki te la anvan l yo te fè. 13Li #2 Kwo 15.16-18 menm #2 Wa 23.6 rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l nan fon Sedwon an. 14Malgre #2 Wa 12.3; 14.4 li pat rive fè disparèt tout kay zidòl yo, li menm li te toujou sèvi Senyè a ak tout kè li pandan tout lavi li. 15Li #1 Wa 7.51 mete nan Tanp lan tou sa papa li te bay pou sèvis Bondye ansanm ak tout bagay lò ak bagay lajan li menm li te bay pou Bondye.
Kontra Asa ak Bennadad
(2 Kwonik 16.1-6)
16Pandan tout tan yo t'ap gouvènen chak moun bò pa yo, se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida, ak Bacha, wa peyi Izrayèl. 17Wa #2 Kwo 16.1-6 Bacha #1 Wa 12.27 anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l sòlda pa l pou anpeche moun pase antre sòti nan peyi Jida. 18#1 Wa 14.26; 2 Wa 12.18 wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay lò ak bagay lajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo bay kèk moun pa li, li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa Siri, pitit Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a:
19— Annou #2 Kwo 16.7 pase kontra yonn ak lòt tankou zansèt nou yo te fè li a. Men mwen voye bagay lò ak tout ajantri sa yo fè ou kado. Koulyeya, kase kontra ou te fè ak Bacha, wa Izrayèl la. Konsa, l'a blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an.
20Wa #Jij 18.29; 2 Sam 20.14; 2 Wa 15.29 Bennadad dakò avèk sa wa Asa te voye di l la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Iyon, lavil Dann, lavil Abèl-Bèt-Maka, tout zòn ki toupre letan Galile a, ak tout pòsyon tè branch fanmi Neftali a. 21Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda ki te plen lavil Rama a, l'ale lavil Tizra. 22Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida a pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray ranpa lavil Mispa ak lavil Geba nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo.
23Tout #2 Kwo 16.11-14 lòt istwa sou sa wa Asa te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, sou lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Men, lè l konmanse granmoun, yon maladi nan pye rann li enfim. 24#2 Kwo 17.1; Mat 1.8 Asa mouri, yo antere l nan tonm fanmi li nan lavil David la. Se Jozafa, pitit li, ki moute sou fòtèy la nan plas li.
Nadab, wa peyi Izrayèl
25Wa #1 Wa 14.20 Asa te gen dezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Nadad, pitit gason Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan dezan ase. 26Li #1 Wa 12.30; 14.16 fè sa ki mal nan je Senyè a. Tankou papa l, li pat mache dwat devan Bondye, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. 27Bacha, #1 Wa 14.14; 16.15 pitit gason Akija, nan branch fanmi Isaka a, moute yon konplo pou touye Nadab. Lè sa a, Nadab ak lame Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibetou nan peyi Filisti. Se la Bacha touye Nadab. 28Sa rive nan twazyèm lanne reny wa Asa nan peyi Jida. Se konsa Bacha moute wa peyi Izrayèl nan plas Nadab. 29Rive #1 Wa 14.10,14 li rive wa, li touye dènye moun nan fanmi Jewoboram lan. Konsa, dapre pawòl Senyè a te mete nan bouch pwofèt Akija, moun lavil Silo, sèvitè Bondye a, li touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan, li pa kite yonn chape. 30Sa te rive konsa paske Jewoboram te fè sa ki mal, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa li te fè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache sou li.
31Tout lòt bagay Nadab te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 32Se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida a, ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, pandan tout tan yo t'ap gouvènen, chak moun bò pa yo.
Bacha, wa peyi Izrayèl
33Wa Asa t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Bacha, pitit gason Akija, moute wa nan peyi Izrayèl. 34Li gouvènen pandan vennkatran nan lavil Tiza. Li te fè sa ki mal devan Senyè a. Tankou Jewoboram, li pat mache dwat devan Bondye. Li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.

Chwazi Kounye ya:

1 Wa 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte