1 Wa 14

14
Pitit Jewoboram lan mouri
1Lè sa a, Abija, pitit gason wa Jewoboram lan, tonbe malad.
2Jewoboram #1 Wa 11.29-31 di madanm li:
— Abiye ou yon jan pou pèsonn pa rekonèt se madanm mwen ou ye, pati ale lavil Silo. Se la pwofèt Akija rete. Se li ki te di m mwen ta pral gouvènen pèp Izrayèl la. 3W'a #1 Sam 9.7,8 pran dis pen, kèk gato ak yon bokal siwomyèl pou fè li kado. Ou va ale lakay li. Se sèten, l'a fè ou konnen sa k'ap rive pitit gason mwen an.
4Se konsa madan Jewoboram ale lakay Akija, lavil Silo. Akija te granmoun anpil. Li te fin avèg nèt. 5Senyè a te fè Akija konnen madanm Jewoboram ap vin wè li pou pitit gason l lan ki malad. Li te di l:
— Lè madanm Jewoboram vini, l'ap fè tèt li pase pou yon lòt moun. Ou menm, w'a di l sa m'a mete nan bouch ou pou di l.
Lè madanm Jewoboram rive, li fè tèt li pase pou yon lòt moun vre. 6Men lè Akija tande bri pye li ap vini nan papòt la, li di li:
— Antre non, madan Jewoboram. Poukisa w'ap fè tèt ou pase pou lòt moun konsa? Tout jan, mwen gen move nouvèl pou ou. 7Ale #1 Wa 16.2 di Jewoboram men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la voye di l: Mwen te chwazi ou nan mitan pèp la, mwen mete ou chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la. 8Mwen #1 Wa 11.31,33,38; 15.5 wete baton kòmandman nan men moun fanmi David yo, mwen ba ou li. Men, ou pat tankou David, sèvitè m lan, ki te toujou koute lòd mwen te ba li, ki te mache ak kè kontan nan chemen mwen te ba li, ki te fè sa ki pou fè m plezi ase. 9Ou #Egz 34.17; 1 Wa 12.28; Ney 9.26; Eze 23.35 fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati kwiv pou yo. Ou voye mwen jete, ou fè mwen fache. 10Se #1 Wa 15.29; 16.3; 21.21; 2 Wa 9.8,9 poutèt sa, Jewoboram, mwen pral fè malè tonbe sou fanmi ou. Mwen pral touye dènye gason nan fanmi ou, timoun kou granmoun. M'ap disparèt fanmi ou nèt nan peyi Izrayèl, y'ap bale yo voye jete tankou yo jete poupou. 11Chen #1 Wa 16.4; 21.24 pral manje kadav moun nan fanmi ou ki va mouri nan lavil. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò. Se Senyè a menm ki di sa.
12Ou menm pou tèt pa ou, madanm Jewoboram, leve non, tounen lakay ou. Rive w'a rive lavil la, pitit la ap mouri. 13Tout moun peyi Izrayèl va pran dèy pou li. Yo va antere li. Nan tout fanmi Jewobowam, se li menm ase y'ap antere, paske se li menm ase ki te yon ti jan bon nan je Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 14Senyè a #1 Wa 15.27-29 pral mete yon lòt wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral disparèt fanmi Jewoboram lan. Se pou jòdi a wi sa m'ap di la a. Se pou kounyeya menm. 15Senyè a #Egz 34.13; Det 16.21; 29.28; Joz 23.15,16; 2 Wa 15.29; 17.6 pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Senyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a. 16Senyè a #1 Wa 12.30; 13.34; 16.2 pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou.
17Madanm #1 Wa 14.2 Jewoboram pati, li tounen lavil Tisra. Lè li fè sa l'ap antre lakay li, pitit la mouri. 18Moun pèp Izrayèl yo fè dèy nasyonal pou li. Yo antere li jan Senyè a te di nan bouch pwofèt Akija a.
Lanmò Jewoboram
19Tout #1 Wa 14.30; 2 Kwo 13.2-20 lòt bagay wa Jewoboram te fè yo, istwa lagè li te fè ak jan li te gouvènen peyi a, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 20Jewoboram te wa pandan venndezan. Lè li mouri, yo antere l. Se Nadab, pitit gason l lan, ki moute sou fòtèy la nan plas li.
Woboram, wa peyi Jida
(2 Kwonik 12.1-16)
21Woboram, #1 Wa 11.32,36; 2 Kwo 12.13 pitit gason Salomon an, te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disetan lavil Jerizalèm, lavil Senyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl la pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama.
22Moun #Egz 34.14; Det 32.16,21; 2 Kwo 12.1,14; 1 Kor 10.22 peyi Jida yo fè sa ki mal nan je Senyè a. Yo fè pi mal pase zansèt yo. Se konsa yo te lakòz kòlè Senyè a tonbe sou yo. 23Yo #Egz 23.24; Det 12.2; 2 Wa 16.4; Eza 57.5; Jer 2.20 menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa. 24Sa #Det 23.17 ki pi rèd toujou, te gen fanm ak gason nan tout kote sa yo ap fè jennès nan sèvis pou zidòl. Moun peyi Jida yo te lage kò yo nan fè tout vye malpwòpte pèp Senyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou pèp Izrayèl la.
25Woboram #2 Kwo 12.2,9-11 te gen senkan depi li te wa lè Chichak, wa peyi Lejip la, atake lavil Jerizalèm. 26Li #1 Wa 10.17; 15.18 pran tout trezò ki te nan tanp lan ak nan palè wa a, ata gwo plak pwotèj lò Salomon te fè fè yo. 27Wa Woboram fè fè gwo plak pwotèj kwiv pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo bay chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay kay wa a. 28Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo pran gwo plak pwotèj yo pote yo vini. Lè l ale, yo pote yo tounen nan sal gad la.
29Tout #2 Kwo 12.15,16 lòt bagay wa Woboram te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 30Pandan #1 Wa 12.21-24; 15.6 tout tan sa a se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboran. 31#2 Kwo 12.13; Mat 1.7 Woboram mouri, yo antere l nan tonm fanmi an nan Lavil David la. Manman l te rele Nama, se te moun lavil Amon. Se Abijam, pitit gason Woboram lan, ki moute sou fòtèy la nan plas papa l.

Chwazi Kounye ya:

1 Wa 14: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an