1 Korent 9:1-23

1 Korent 9:1-23 HAT98

Eske m pa lib? Eske m pa yon apòt? Eske m pat wè Jezikri, Senyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Senyè a nou ye? Menm si pou lòt moun mwen pa apòt, pou nou menm se apòt mwen ye. Paske, jan n'ap viv ansanm ak Senyè a, nou se prèv se apòt mwen ye. Lè moun ap kritike m, men ki jan mwen defann tèt mwen: Mwen mande yo: Eske m pa gendwa pou yo ban m manje, pou yo ban m bwè pou travay mwen? Eske m pa gendwa fè tankou tout lòt apòt yo, tankou frè Senyè yo ansanm ak Sefas, pou m mennen yon sè ki ta madanm mwen kote m prale? Eske se Banabas avè m ase ki pou fè lòt travay pou n ka viv? Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, eske yon moun pa gendwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, eske yon gadò mouton pa gendwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo? Pa konprann se sèlman nan zafè lèzòm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou. Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bèf k'ap rale kabwèt la baboukèt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bèf yo atò? Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a. Nou simen grenn ki sòti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo? Si lòt moun gendwa sa a sou nou, eske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pat pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n pa antrave mach bòn nouvèl ki pale sou Kris la. Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lotèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a. Konsa tou, Senyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bòn nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bòn nouvèl la. Men, poutèt pa m, mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè okenn reklamasyon nonplis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen! Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bòn nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m pa anonse bòn nouvèl la! Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsabilite Bondye ban mwen. Ki jan yo peye m atò? Tout plezi m se pou m anonse bòn nouvèl la gratis, san m pa egzije anyen nan sa yo dwe m pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bòn nouvèl la. Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m'ka mennen mezi moun m'kapab vin jwenn Kris. Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m te anba l lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Konsa tou, lè m nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m pa okipe lalwa a, pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la. Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m tout jan ak tout moun pou m ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib. Mwen fè tou sa poutèt bòn nouvèl la, pou m ka resevwa pa m nan benediksyon l yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an