1 Korent 9:1-23

1 Korent 9:1-23 1998 Haïtienne (HAT98)

Eske m pa lib? Eske m pa yon apòt? Eske m pat wè Jezikri, Senyè nou an? Eske nou menm, se pa rezilta travay mwen nan sèvis Senyè a nou ye? Menm si pou lòt moun mwen pa apòt, pou nou menm se apòt mwen ye. Paske, jan n'ap viv ansanm ak Senyè a, nou se prèv se apòt mwen ye. Lè moun ap kritike m, men ki jan mwen defann tèt mwen: Mwen mande yo: Eske m pa gendwa pou yo ban m manje, pou yo ban m bwè pou travay mwen? Eske m pa gendwa fè tankou tout lòt apòt yo, tankou frè Senyè yo ansanm ak Sefas, pou m mennen yon sè ki ta madanm mwen kote m prale? Eske se Banabas avè m ase ki pou fè lòt travay pou n ka viv? Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, eske yon moun pa gendwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, eske yon gadò mouton pa gendwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo? Pa konprann se sèlman nan zafè lèzòm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou. Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bèf k'ap rale kabwèt la baboukèt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bèf yo atò? Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a. Nou simen grenn ki sòti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo? Si lòt moun gendwa sa a sou nou, eske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pat pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n pa antrave mach bòn nouvèl ki pale sou Kris la. Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lotèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a. Konsa tou, Senyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bòn nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bòn nouvèl la. Men, poutèt pa m, mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè okenn reklamasyon nonplis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen! Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bòn nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m pa anonse bòn nouvèl la! Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsabilite Bondye ban mwen. Ki jan yo peye m atò? Tout plezi m se pou m anonse bòn nouvèl la gratis, san m pa egzije anyen nan sa yo dwe m pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bòn nouvèl la. Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m'ka mennen mezi moun m'kapab vin jwenn Kris. Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m te anba l lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Konsa tou, lè m nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m pa okipe lalwa a, pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la. Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m tout jan ak tout moun pou m ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib. Mwen fè tou sa poutèt bòn nouvèl la, pou m ka resevwa pa m nan benediksyon l yo.

1 Korent 9:1-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Moi aussi, je suis libre de faire ce que je veux. Est-ce que je ne suis pas apôtre ? Est-ce que je n’ai pas vu Jésus notre Seigneur ? Est-ce que vous n’êtes pas le résultat de mon travail au service du Seigneur ? Si, pour certains, je ne suis pas un apôtre, pour vous, du moins, je le suis. Oui, vous êtes la preuve que j’ai bien fait mon travail d’apôtre au service du Seigneur. Voici ma réponse à ceux qui m’accusent : est-ce que nous n’avons pas le droit de recevoir de la nourriture et de la boisson pour notre travail ? Est-ce que nous n’avons pas le droit d’emmener avec nous une femme chrétienne ? Les autres apôtres, les frères du Seigneur et Pierre font cela ! Ou bien est-ce que Barnabas et moi, nous sommes les seuls qui devons gagner notre vie ? Quand quelqu’un est dans l’armée, il ne paie pas pour faire son service militaire. Quand quelqu’un cultive un arbre, il mange ses fruits. Ou bien, quand quelqu’un garde un troupeau, il boit le lait des bêtes. Est-ce que ces façons de faire sont seulement des coutumes humaines ? Est-ce que la loi ne dit pas la même chose ? En effet, dans la loi de Moïse, on lit : « Quand le bœuf travaille pendant la récolte, ne l’empêche pas de manger des épis. » Est-ce que Dieu s’occupe des bœufs ? Ou bien est-ce qu’il parle surtout pour nous ? Oui, c’est pour nous que ces paroles sont écrites. Celui qui laboure doit labourer, en espérant récolter quelque chose. Celui qui travaille pendant la récolte doit espérer recevoir des épis. Nous avons semé en vous les bienfaits de l’Esprit Saint. Alors, si nous récoltons une partie de vos richesses matérielles, est-ce que c’est extraordinaire ? Si certains ont le droit de faire cela chez vous, nous l’avons beaucoup plus qu’eux ! Mais nous n’avons pas profité de ce droit. Au contraire, nous supportons tout pour ne pas gêner la Bonne Nouvelle du Christ. Ceux qui font le service du temple, c’est le temple qui les nourrit. Ceux qui offrent des sacrifices sur l’autel reçoivent leur part de ces sacrifices. Vous ne savez donc pas cela ? De la même façon, ceux qui annoncent la Bonne Nouvelle doivent vivre de cette Bonne Nouvelle, c’est le Seigneur qui l’a commandé . Mais moi, je n’ai profité de rien de tout cela, et je n’écris pas ici pour réclamer ces droits. Plutôt mourir ! Non, personne ne m’enlèvera cette raison d’être fier. Pour moi, annoncer la Bonne Nouvelle, ce n’est pas une raison d’être fier, car je ne peux pas faire autrement. Quel malheur pour moi si je n’annonce pas la Bonne Nouvelle ! Si c’était moi qui avais choisi ce travail, oui, j’aurais droit à un salaire. Mais comme je ne peux pas faire autrement, je fais simplement ce que je dois. Alors, quel est mon salaire ? C’est d’offrir la Bonne Nouvelle gratuitement. Je l’annonce sans profiter des droits qu’elle me donne. Personne parmi vous ne peut me forcer à faire quelque chose. Pourtant, j’ai voulu devenir le serviteur de tous, pour gagner le plus de gens possible. Avec les Juifs, je vis comme un Juif, pour gagner les Juifs. Avec ceux qui obéissent à la loi de Moïse, j’obéis à la loi, pour gagner ceux qui lui obéissent. Pourtant, je ne suis pas obligé d’obéir à cette loi. Avec ceux qui ne connaissent pas la loi de Moïse, je vis comme si je n’avais pas cette loi, pour gagner ceux qui ne la connaissent pas. Pourtant, j’ai la loi de Dieu, puisque j’obéis à la loi du Christ. Avec les chrétiens fragiles, je vis comme si j’étais fragile, pour gagner ceux qui sont fragiles. Je me donne entièrement à tous, pour en sauver sûrement quelques-uns. Et tout cela, je le fais à cause de la Bonne Nouvelle, pour participer à ses richesses.

1 Korent 9:1-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Kòm nou byen konnen deja, mwen lib pou m fè sa m vle, pa vre? Mwen se yon apot. Mwen wè Jezi Senyè nou an ak de je m. Nou se fwi travay mwen nan Senyè a. Menm si tout lòt moun ta di mwen pa apot men kanta nou menm nou pa ka di sa. Dayè, nou se prèv vivan mwen se apot Senyè a. Men repons mwen bay a tout moun k ap kritike m: Nou gen dwa pou n manje pou n bwè, pa vre? Èske n pa gen dwa pou n ta gen yon sè kwayan kòm madanm, tankou lòt apot yo, tankou frè Senyè yo oswa tankou Pyè? Èske se mwen menm sèl ak Banabas ki dwe fè lòt travay pou nou ka viv? Yon sòlda ki angaje nan lame, èske se li k peye tèt li? Lè yon moun plante yon jaden rezen, se pou l ka jwenn rezen pou l manje, pa vre? Moun k ap pran swen mouton bwè lèt mouton, pa vre? Mwen pa sèlman chita sou koutim lèzòm pou m site egzanp sa yo. Lalwa Moyiz la di menm bagay la. Lalwa Moyiz di: “Pa mete mizo nan bouch bèf la lè l ap travay nan ramase rekòt la.” Lè Bondye di sa, èske se bèf k ap travay ki enterese l? Ditou pa! Se ak nou menm menm li t ap panse. Se nan enterè nou pawòl sa yo te ekri. Swa moun k ap plante a, swa moun k ap rekòlte a, yo toulède gen dwa met espwa yo sou yon ti pati nan rekòt la. Si nou te plante yon semans espirityèl lakay ou, nou gen dwa rekòlte yon ti pati nan byen materyèl ou, pa vre? Si lòt moun gen dwa pou jwenn nou sipòte yo, nou gen plis dwa toujou pase yo. Men nou pa sèvi avè l. Okontrè, nou fè sa nou kapab pou nou pa tounen yon chay pou ou, paske nou pa vle tounen yon obstak pou levanjil Kris la. Èske nou pa konnen moun k ap travay nan tanp, se tanp la ki ba yo manje? Moun k ap prezante sakrifis sou lotèl gen yon pati nan sa ki ofri sou lotèl la. Se menm bagay pou moun k ap preche levanjil. Senyè a bay lòd pou moun k ap travay kòm predikatè levanjil pou yo viv de travay sa a. Men, mwen pa sèvi ak okenn nan dwa sa yo. Se yon bagay ki fyè de tèt mwen! Konsa mwen p ap ekri lèt sa a pou m reklame okenn dwa. Franchman, mwen ta pito mouri olye pou m ta pèdi sous fyète m sa a. Se pa preche levanjil la non ki fè m fyè de tèt mwen, dayè se devwa mwen m ap fè. Malè avè m, si m ta sispann preche levanjil. Si se te mwen menm ki te chwazi preche levanjil kòm yon travay, lè sa a mwen t ap gen dwa ak yon salè. Men se pa t chwa pa m, se yon misyon Bondye konfye m. Alò, ki salè mwen? Salè mwen se pou m ofri levanjil la gratis, san m pa itilize dwa travay sa ban mwen. Mwen lib! Mwen pa esklav pèsòn! Poutan, mwen konpòte tèt mwen tankou esklav tout moun. Mwen fè l pou m ka ede sove pi plis moun posib. Lè m ak Jwif yo mwen viv tankou Jwif, pou m ka ede sove Jwif yo. Lè m ak moun k ap viv sou lalwa mwen viv kòmsi m te sou lalwa, menmsi an reyalite mwen pa sou lalwa. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki ap viv sou lalwa. Menm jan an tou, lè mwen avèk moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv epi fè kòmsi mwen pa t konnen lalwa Moyiz la. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki pa konnen lalwa Moyiz la. An reyalite mwen anba lalwa Bondye, paske mwen soumèt mwen anba lwa Kris la. Lè m ak moun ki fèb, mwen viv kòmsi m te fèb. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki fèb. Mwen fè tout sa pou m ka fè konnen bòn nouvèl la. Mwen fè tout sa pou m ka patisipe nan benediksyon levanjil la.

1 Korent 9:1-23 New International Version (NIV)

Am I not free? Am I not an apostle? Have I not seen Jesus our Lord? Are you not the result of my work in the Lord? Even though I may not be an apostle to others, surely I am to you! For you are the seal of my apostleship in the Lord. This is my defense to those who sit in judgment on me. Don’t we have the right to food and drink? Don’t we have the right to take a believing wife along with us, as do the other apostles and the Lord’s brothers and Cephas? Or is it only I and Barnabas who lack the right to not work for a living? Who serves as a soldier at his own expense? Who plants a vineyard and does not eat its grapes? Who tends a flock and does not drink the milk? Do I say this merely on human authority? Doesn’t the Law say the same thing? For it is written in the Law of Moses: “Do not muzzle an ox while it is treading out the grain.” Is it about oxen that God is concerned? Surely he says this for us, doesn’t he? Yes, this was written for us, because whoever plows and threshes should be able to do so in the hope of sharing in the harvest. If we have sown spiritual seed among you, is it too much if we reap a material harvest from you? If others have this right of support from you, shouldn’t we have it all the more? But we did not use this right. On the contrary, we put up with anything rather than hinder the gospel of Christ. Don’t you know that those who serve in the temple get their food from the temple, and that those who serve at the altar share in what is offered on the altar? In the same way, the Lord has commanded that those who preach the gospel should receive their living from the gospel. But I have not used any of these rights. And I am not writing this in the hope that you will do such things for me, for I would rather die than allow anyone to deprive me of this boast. For when I preach the gospel, I cannot boast, since I am compelled to preach. Woe to me if I do not preach the gospel! If I preach voluntarily, I have a reward; if not voluntarily, I am simply discharging the trust committed to me. What then is my reward? Just this: that in preaching the gospel I may offer it free of charge, and so not make full use of my rights as a preacher of the gospel. Though I am free and belong to no one, I have made myself a slave to everyone, to win as many as possible. To the Jews I became like a Jew, to win the Jews. To those under the law I became like one under the law (though I myself am not under the law), so as to win those under the law. To those not having the law I became like one not having the law (though I am not free from God’s law but am under Christ’s law), so as to win those not having the law. To the weak I became weak, to win the weak. I have become all things to all people so that by all possible means I might save some. I do all this for the sake of the gospel, that I may share in its blessings.

1 Korent 9:1-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Ne suis-je donc pas libre ? Ne suis-je pas apôtre ? N’ai-je pas vu Jésus, notre Seigneur ? Vous-mêmes, n’êtes-vous pas un fruit de mon travail au service du Seigneur ? D’autres peuvent refuser de reconnaître en moi un apôtre : pour vous, du moins, c’est ce que je suis, car vous êtes bien le sceau qui authentifie mon ministère apostolique au service du Seigneur. Et voici ma défense contre ceux qui me mettent en accusation : En tant qu’apôtres, ne serions-nous pas en droit de recevoir le manger et le boire pour notre travail ? N’aurions-nous pas le droit d’être accompagnés par une épouse chrétienne, comme les autres apôtres, les frères du Seigneur et Pierre ? Ou bien, Barnabas et moi-même serions-nous les seuls à devoir travailler pour gagner notre pain ? Dites-moi : avez-vous jamais entendu parler d’un soldat servant dans une armée à ses propres frais, ou d’un vigneron qui ne mangerait pas des raisins de la vigne qu’il a plantée ? Quel berger élève un troupeau sans jamais profiter du lait de ses brebis ? Et je ne tire pas mes arguments des seuls principes établis par les hommes. Car la Loi dit les mêmes choses. En effet, c’est bien dans la Loi de Moïse qu’il est écrit : Tu ne mettras pas de muselière à un bœuf pendant qu’il foule le blé . Dieu s’inquiéterait-il ici des bœufs ? N’est-ce pas pour nous qu’il parle ainsi ? Bien sûr que si ! C’est pour nous que cette parole a été écrite, car il faut que celui qui laboure le fasse avec espérance et que celui qui bat le blé puisse compter sur sa part de la récolte. Puisque nous avons semé parmi vous les biens spirituels, serait-ce de notre part une prétention exorbitante si nous attendions de vous quelque avantage matériel ? Du moment que d’autres exercent ce droit sur vous, ne l’avons-nous pas à plus forte raison ? Eh bien ! nous avons préféré ne pas user de ce droit ; au contraire, nous supportons tout, afin d’éviter de faire obstacle, si peu que ce soit, à l’Evangile de Christ. Et pourtant, vous le savez, ceux qui font le service sacré dans le Temple reçoivent leur nourriture du Temple. Ceux qui officient à l’autel reçoivent leur part des sacrifices offerts sur l’autel. De même, le Seigneur a ordonné que ceux qui annoncent l’Evangile vivent de cette annonce de l’Evangile. Mais moi, je n’ai fait valoir aucun de ces droits. Et si je les mentionne ici, ce n’est pas pour les revendiquer ; je préférerais mourir plutôt que de me laisser ravir ce sujet de fierté. En effet, je n’ai pas à m’enorgueillir de ce que j’annonce l’Evangile : c’est une obligation qui m’est imposée. Malheur à moi si je n’annonce pas l’Evangile ! Ah ! certes, si la décision d’accomplir cette tâche ne venait que de moi, je recevrais un salaire ; mais puisque cette décision n’a pas dépendu de moi, je ne fais que m’acquitter d’une charge qui m’a été confiée. En quoi consiste alors mon salaire ? Dans la satisfaction de pouvoir offrir gratuitement l’Evangile que je proclame en renonçant volontairement aux droits que me confère ma qualité de prédicateur de l’Evangile. Car, bien que je sois un homme libre à l’égard de tous, je me suis fait l’esclave de tous, afin de gagner le plus de gens possible à Jésus-Christ. Lorsque je suis avec les Juifs, je vis comme eux, afin de les gagner. Lorsque je suis parmi ceux qui sont sous le régime de la Loi de Moïse, je vis comme si j’étais moi-même assujetti à ce régime, bien que je ne le sois pas, afin de gagner ceux qui sont sous le régime de cette Loi. Avec ceux qui n’ont pas la Loi de Dieu, je vis comme n’ayant pas non plus la Loi, afin de gagner à Christ ceux qui n’ont pas la Loi, bien que je ne sois pas sans la loi de Dieu, car je vis selon la loi de Christ. Avec les chrétiens mal affermis dans la foi, je vis comme eux, afin de gagner ceux dont la foi est mal affermie. C’est ainsi que je me fais tout à tous, afin d’en conduire au moins quelques-uns au salut par tous les moyens. Or, tout cela, je le fais pour la cause de l’Evangile pour avoir part, avec eux, aux bénédictions qu’apporte l’Evangile.