1 Korent 7:1-24

1 Korent 7:1-24 HAT98

Bon. Kounyeya ann wè kèsyon nou te mande m nan lèt nou an: Wi. Yon nonm fè byen si l pa marye. Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo. Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li. Madanm lan pa ka fè sa l vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye. Piga nou prive nou yonn lòt, esepte si nou antann nou sou sa pou yon moman pou konsakre nou nan lapriyè. Men apre sa, reprann lavi nòmal madanm ak mouche nou. Si nou pa fè li konsa, nou riske pa ka kontwole tèt nou epi bay satan pye fè nou tonbe nan pyèj li. Se pa lòd m'ap bay lè mwen pale konsa a non! Men annou bliye sa. Poudi vre, mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men Bondye bay chak moun gras pa yo. Sa a resevwa yon kalite favè, sa a resevwa yon lòt kalite favè. Men sa m'ap di moun ki pa marye yo ansanm ak vèv yo. Li ta pi bon pou yo rete tankou m, pou kont yo. Men, si nou pa ka kontwole tèt nou, prefere nou marye marye nou pase n'kite lanvi ap kale nou. Kanta pou moun marye yo, men lòd m'ap ba yo - Sa pa soti nan mwen non, men nan Senyè a menm: Madanm pa dwe separe ak mari. Si li separe avè li, se pou li rete san li pa remarye. Tan pou sa fèt, pito li rekonsilye ak mari li. Konsa tou, yon mari pa dwe kite madanm li. Pou lòt yo menm, men sa m'ap di (fwa sa a, sa se konsèy pa mwen, sa pa sòti nan Senyè a): Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l kontinye viv avè l, mari a pa gendwa mete l deyò. Konsa tou, si yon fanm ki gen konfyans nan Kris la gen yon mari ki li menm pa gen konfyans nan Kris la, epi si mari a dakò pou l kontinye viv avè li, li pa fèt pou kite ak mari a. Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l paske l'ap viv ansanm ak mari l ki gen konfyans. Si sa pat konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo. Men, si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mèt kite. Nan ka sa a, frè a osinon sè a pa gen okenn angajman ankò. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kè poze. Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou? Esèpte nan ka sa yo, se pou chak moun kontinye viv dapre gras Bondye fè yo, epi selon jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Se lòd sa a mwen bay nan tout legliz yo. Si yon moun te deja sikonsi lè Bondye te rele l la, li pa bezwen chache wete mak sikonsizyon an sou li. Si yon moun pat sikonsi lè Bondye te rele l la, li pa bezwen fè yo sikonsi li. Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, sa pa konsekan ankò. Sa ki konsekan an se obeyi pou nou obeyi kòmandman Bondye yo. Se pou chak moun rete jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Si ou te esklav lè Bondye te rele ou la, pa bay tèt ou pwoblèm pou sa. Okontrè tandiske ou ta ka vin lib, chache viv kondisyon esklav ou a pou byen pwofite. Yon moun ki esklav, depi Bondye rele l, se yon moun lib sou kont Senyè a li ye. Konsa tou, moun ki lib la, depi Bondye rele l, se esklav Kris la li ye. Bondye te achte nou. Li peye byen chè pou sa. Pa tounen esklav moun. Frè m yo, se pou chak moun rete devan Bondye nan kondisyon yo te ye lè Bondye te rele yo a.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak 1 Korent 7:1-24