Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gendwa fè tout bagay. Wi, ou gendwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gendwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m tounen esklav li, li te mèt sa l te ye. Nou di tou: Manje fèt pou vant, vant fèt pou manje. Se vre. Men, Bondye ap detwi ni yonn ni lòt. Kò moun pa fèt pou dezòd lachè. Se pou Senyè a li ye, Senyè a se pou kò a li ye. Bondye te fè Senyè a leve sòti vivan nan lanmò. L'a fè menm bagay la tou pou nou ak pouvwa li. Nou konnen, pa vre, kò nou se manm kò Kris la. Eske mwen ka pran yon manm kò Kris la pou m fè l tounen yon manm kò yon fanm k'ap fè jennès? Pa posib! Eske nou pa konn sa: yon nonm ki mete kò l ak yon fanm ki nan jennès, li fè yon sèl kò avèk li. Se sa Liv la di: yo tou de va fè yon sèl kò. Men, moun ki mete l avèk Senyè a, li fè yon sèl lespri avèk li. Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l anyen. Men, moun ki lage kò l nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li. Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
Li 1 Korent 6
Koute 1 Korent 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 6:12-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo