1 Korent 4:6-21

1 Korent 4:6-21 HAT98

Frè m yo, nan tout bagay sa yo, si m pran egzanp sou mwen ak Apòlòs, se te pou byen nou. Mwen ta vle nou pran egzanp sou nou pou n ta ka konprann sans pawòl la ki di: Rete nan limit yo ban nou an. Piga pèsonn pran pati pou yon moun kont yon lòt. Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li? Atò, nou gentan gen tou sàn te bezwen? Nou gentan rich kont kò nou? Nou gentan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m te kapab wa tou ansanm avèk nou. Men, nou menm apòt Kris yo, genlè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik. Nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè. Poutèt Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, genlè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, genlè nou gen fòs kouray? Nou menm apòt yo, y'ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale? Jouk kounyeya nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n rete. N'ap fatige kò nou travay pou n ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou. Lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou. Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk kounyeya, y'ap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè. Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil. Menm si nou ta rive gen dimil (10.000) moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bòn nouvèl la ban nou. Tanpri, pran egzanp sou mwen. Se pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Senyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. L'a fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo. Gen kèk moun nan mitan nou ki gentan gonfle lestonmak yo ak lògèy. Yo mete nan lide yo mwen p'ap vini wè nou. Enben, si Bondye vle, m'ap vin wè nou anvan lontan. Lè sa a, m'a wè sa bann grandizè sa yo ka fè apre tou sa yo di a. Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la. Kisa nou pito? Vini ak yon baton pou nou osinon ak anpil lamou, anpil dousè nan kè mwen pou nou?

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an