1 Korent 4:6-21

1 Korent 4:6-21 1998 Haïtienne (HAT98)

Frè m yo, nan tout bagay sa yo, si m pran egzanp sou mwen ak Apòlòs, se te pou byen nou. Mwen ta vle nou pran egzanp sou nou pou n ta ka konprann sans pawòl la ki di: Rete nan limit yo ban nou an. Piga pèsonn pran pati pou yon moun kont yon lòt. Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li? Atò, nou gentan gen tou sàn te bezwen? Nou gentan rich kont kò nou? Nou gentan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m te kapab wa tou ansanm avèk nou. Men, nou menm apòt Kris yo, genlè Bondye mete nou dèyè nèt. Nou tankou moun yo kondannen amò pou yo touye sou plas piblik. Nou tounen yon espektak pou tout moun, ni pou zanj yo nan syèl la, ni pou moun sou latè. Poutèt Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, genlè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, genlè nou gen fòs kouray? Nou menm apòt yo, y'ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale? Jouk kounyeya nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n rete. N'ap fatige kò nou travay pou n ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou. Lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou. Lè yo pale nou mal, nou menm se byen nou di pou yo. Jouk kounyeya, y'ap konsidere nou tankou fatra ki nan lemonn, dènye kras moun ki sou latè. Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil. Menm si nou ta rive gen dimil (10.000) moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bòn nouvèl la ban nou. Tanpri, pran egzanp sou mwen. Se pou sa menm m'ap voye Timote, pitit mwen nan Senyè a, ban nou. Se yon pitit mwen renmen anpil, li menm tou li fèb pou mwen. L'a fè nou chonje tout prensip k'ap dirije lavi m'ap mennen nan Kris la. Se menm prensip sa yo m'ap moutre toupatou nan tout legliz yo. Gen kèk moun nan mitan nou ki gentan gonfle lestonmak yo ak lògèy. Yo mete nan lide yo mwen p'ap vini wè nou. Enben, si Bondye vle, m'ap vin wè nou anvan lontan. Lè sa a, m'a wè sa bann grandizè sa yo ka fè apre tou sa yo di a. Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la. Kisa nou pito? Vini ak yon baton pou nou osinon ak anpil lamou, anpil dousè nan kè mwen pou nou?

1 Korent 4:6-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Frères et sœurs chrétiens, à propos de ce que j’ai dit, j’ai pris Apollos et moi-même comme exemples à cause de vous. J’ai voulu vous apprendre le sens de ce proverbe : « Rien au-delà de ce qui est écrit. » Alors personne ne se vantera en choisissant le parti d’un homme contre un autre. En effet, qui te rend supérieur aux autres ? Tout ce que tu as, c’est Dieu qui te l’a donné, n’est-ce pas ? Et si tu l’as reçu, pourquoi te vanter, comme si tu ne l’avais pas reçu ? Vous avez déjà tout ce que vous voulez ! Vous êtes déjà riches ! Vous êtes devenus rois, mais nous, nous ne le sommes pas ! Si vous l’étiez vraiment, nous pourrions, nous aussi, être rois avec vous ! Mais à mon avis, Dieu nous a mis, nous les apôtres, à la dernière place, comme des condamnés à mort. Oui, nous sommes devenus comme un spectacle pour le monde entier, pour les anges et pour les hommes. Nous sommes fous à cause du Christ, mais vous, vous êtes des chrétiens sages. Nous sommes faibles, mais vous, vous êtes forts. On vous respecte beaucoup, mais nous, on nous méprise. Jusqu’à maintenant encore, nous avons faim, nous avons soif, nous n’avons pas de vêtements. On nous fait du mal, et nous ne pouvons jamais rester au même endroit. Nous nous fatiguons à travailler de nos mains . On nous insulte, mais nous souhaitons du bien. On nous fait souffrir, mais nous le supportons. On dit du mal de nous, mais nous encourageons les autres. Jusqu’à maintenant, pour les gens, nous sommes comme les ordures du monde, comme des choses sales que tous rejettent. Je ne vous écris pas cela pour vous faire honte. Mais vous êtes mes enfants très aimés, alors je veux vous avertir. En effet, même si 10 000 personnes vous apprennent à vivre avec le Christ, vous n’avez pas plusieurs pères. C’est moi qui vous ai donné la vie, celle du Christ Jésus, en vous annonçant la Bonne Nouvelle. Donc, je vous le demande avec force : suivez mon exemple. Et pour cela, je vous envoie Timothée, mon fils très aimé et fidèle dans le Seigneur. Il vous rappellera les règles qui me guident dans ma vie avec le Christ. C’est cela que j’enseigne partout, dans toutes les Églises. Certains ont pensé que je n’allais pas revenir chez vous, et ils se sont vantés de cela. Mais si le Seigneur le veut, j’irai bientôt chez vous, et je m’intéresserai non pas aux paroles de ces orgueilleux, mais à ce qu’ils sont capables de faire. Car le Royaume de Dieu, ce n’est pas une affaire de paroles mais de puissance . Qu’est-ce que vous voulez ? Que je vienne chez vous avec un fouet, ou bien avec un cœur plein d’amour et de douceur ?

1 Korent 4:6-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Frè m ak sè m yo, mwen pran egzanp sou mwen ak Apolòs pou nou ka byen pran sans pwovèb la ki di: “Pa mete pase genyen sou sa Bib la di.” Lè kon sa nou p ap kite lògèy anvayi nou pou n ap pran pati pou yon nonm kont yon lòt. Ki sa k fè w panse w siperyè a lòt moun? Ki sa w genyen se pa ba ou yo te ba ou l? Nan ka sa a, poukisa w ap frape lestomak kòmsi se pa t ba ou yo te ba ou l? Nou met nan tèt nou, nou pa manke anyen. Nou met nan tèt nou nou rich. Nou met nan tèt nou nou se wa. M vrèman swete nou te wa toutbon vre, kon sa nou men apot nou ta wa tou. Men gen lè Bondye mete mwen menm avèk lòt apot an dènye. Nou tankou prizonye yo kondane amò y ap fè fè parad non sèlman devan lèzòm men devan anj yo tou. Nou fou pou Kris, men ou panse w saj nan Kris. Nou fèb, men ou santi w tèlman fò. Yo ba w anpil respè, men nou menm yo meprize nou. Jouk jodi a, nou pa gen ase pou n manje oswa bwè. Nou pa gen ase rad pou n mete. Yo maltrete nou. Nou pa ka rete yon sèl kote. N ap kraze kò nou nan travay ak men nou pou nou ka jwenn dekwa pou n manje. Lè moun joure nou, nou swete byen pou yo. Lè moun fè nou soufri, nou sipòte. Lè moun pale nou mal, nou reponn ak dousè. Poutan jouk jodi a yo konsidere nou tankou dechè, tankou fatra nan mond la y ap bale jete. Mwen p ap ekri nou pou m fè nou wont, men m vle ede nou chanje fason n ap panse, tankou pitit mwen renmen anpil. Menmsi nou ta gen dimil pwofesè nan Kris, se yon sèl papa nou genyen. Mwen tounen papa pou nou, lè m te pote Levanjil la ba nou. Konsa m ap sipliye nou pou nou swiv egzanp mwen! Se poutèt sa m ap voye Timote lakay nou. Li se yon pitit mwen renmen anpil. Se yon pitit ki fidèl nan jan l ap viv pou Senyè a. Li a fè nou sonje tout prensip lavi m menm jan mwen anseye l nan tout legliz kote m pase. Gen kèk moun ki panse mwen p ap janm tounen Korent. Epi y ap fè lwanj pou tèt yo. Si Bondye vle, mwen p ap pran lontan pou m vini wè nou. Lè sa a m a konnen si moun sa yo ka fè yon bagay valab oswa si se bèl pawòl ase yo genyen. Wayòm Bondye a se pa afè bèl pawòl men se puisans ki konte. Ki sa n pito? Mache ak yon fwèt lè m ap vini oubyen vini ak dousè epi amou?

1 Korent 4:6-21 New International Version (NIV)

Now, brothers and sisters, I have applied these things to myself and Apollos for your benefit, so that you may learn from us the meaning of the saying, “Do not go beyond what is written.” Then you will not be puffed up in being a follower of one of us over against the other. For who makes you different from anyone else? What do you have that you did not receive? And if you did receive it, why do you boast as though you did not? Already you have all you want! Already you have become rich! You have begun to reign—and that without us! How I wish that you really had begun to reign so that we also might reign with you! For it seems to me that God has put us apostles on display at the end of the procession, like those condemned to die in the arena. We have been made a spectacle to the whole universe, to angels as well as to human beings. We are fools for Christ, but you are so wise in Christ! We are weak, but you are strong! You are honored, we are dishonored! To this very hour we go hungry and thirsty, we are in rags, we are brutally treated, we are homeless. We work hard with our own hands. When we are cursed, we bless; when we are persecuted, we endure it; when we are slandered, we answer kindly. We have become the scum of the earth, the garbage of the world—right up to this moment. I am writing this not to shame you but to warn you as my dear children. Even if you had ten thousand guardians in Christ, you do not have many fathers, for in Christ Jesus I became your father through the gospel. Therefore I urge you to imitate me. For this reason I have sent to you Timothy, my son whom I love, who is faithful in the Lord. He will remind you of my way of life in Christ Jesus, which agrees with what I teach everywhere in every church. Some of you have become arrogant, as if I were not coming to you. But I will come to you very soon, if the Lord is willing, and then I will find out not only how these arrogant people are talking, but what power they have. For the kingdom of God is not a matter of talk but of power. What do you prefer? Shall I come to you with a rod of discipline, or shall I come in love and with a gentle spirit?

1 Korent 4:6-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Frères et sœurs, je viens d’employer diverses images à propos d’Apollos et de moi-même pour que vous appreniez, à notre sujet, à appliquer cette règle  : « Ne pas aller au-delà de ce qui est écrit  », et ainsi qu’aucun de vous ne s’enfle d’orgueil en prenant le parti de l’un contre l’autre. Car qui te confère une distinction ? Qu’as-tu qui ne t’ait été donné ? Et puisqu’on t’a tout donné, pourquoi t’en vanter comme si tu ne l’avais pas reçu ? Dès à présent, vous êtes rassasiés. Déjà, vous voilà riches ! Vous avez commencé à régner sans nous. Comme je voudrais que vous soyez effectivement en train de régner, pour que nous soyons rois avec vous. Mais il me semble plutôt que Dieu nous a assigné, à nous autres apôtres, la dernière place, comme à des condamnés à mort car, comme eux, il nous a livrés en spectacle au monde entier : aux anges et aux hommes. Nous sommes fous à cause de Christ, mais vous, vous êtes sages en Christ ! Nous sommes faibles, mais vous, vous êtes forts ! Vous êtes honorés, nous, nous sommes méprisés. Jusqu’à présent, nous souffrons la faim et la soif, nous sommes mal vêtus, exposés aux coups, errant de lieu en lieu. Nous nous épuisons à travailler de nos propres mains. On nous insulte ? Nous bénissons. On nous persécute ? Nous le supportons. On nous calomnie ? Nous répondons par des paroles bienveillantes. Jusqu’à maintenant, nous sommes devenus comme les déchets du monde et traités comme le rebut de l’humanité. Si j’écris ainsi, ce n’est pas pour vous remplir de confusion. C’est pour vous mettre en garde comme des enfants bien-aimés. En effet, même si vous aviez dix mille maîtres dans la foi en Christ, vous n’avez pas plusieurs pères. Car c’est moi qui vous ai fait naître à la foi en Jésus-Christ en vous annonçant l’Evangile. Je vous invite donc à suivre mon exemple. C’est dans cette intention que je vous ai envoyé Timothée, mon enfant bien-aimé et fidèle dans le Seigneur. Il vous rappellera les principes de vie chrétienne qui sont les miens, tels que je les enseigne partout dans toutes les Eglises. Pensant que désormais je ne reviendrai plus chez vous, certains se sont mis à jouer les importants. Mais, si le Seigneur le veut, j’irai très prochainement vous voir et alors je me rendrai compte, non pas des beaux discours que ces prétentieux peuvent tenir, mais de ce dont ils sont capables. Car le royaume de Dieu ne consiste pas en paroles, mais en puissance. Que préférez-vous ? Que je vienne chez vous avec un bâton, ou avec un esprit d’amour et de douceur ?