1 Korent 14:1-25

1 Korent 14:1-25 HAT98

Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesay ki sòti nan Bondye yo. Moun k'ap pale langay, se ak Bondye y'ap pale. Yo p'ap pale ak moun. Pèsonn pa ka konprann yo. Avèk pouvwa Sentespri a, yo di yon bann verite ki rete kache pou tout moun. Okontrè, moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye, se ak moun y'ap pale pou fè yo grandi nan konfyans yo nan Bondye, pou ankouraje yo, pou konsole yo. Moun k'ap pale langay, se konfyans pa l ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs. Mwen dakò pou nou tout pale langay. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. Moun k'ap bay mesay konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langay, esèpte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou. M'ap mande nou kichòy, frè m yo: Si m vin lakay nou, kisa pou sa fè pou nou si m pale langay? Sa p'ap sèvi nou anyen. Men, si m ban nou yon revelasyon, yon konesans, yon mesay ki sòti nan Bondye, osinon si mwen moutre nou kichòy, se sa k'ap sèvi nou. Annou konsidere bagay ki pa gen lavi nan yo tankou enstriman mizik yo konsa. Ann pran yon fif, osinon yon gita. Ki jan yon moun ka fè konnen ki moso mizik k'ap jwe si son yo pa klè? Si moun k'ap kònen klewon an pa fè son yo sòti klè, ki sòlda ki pral pare kò l pou l'al goumen? Konsa tou, ki moun ki pral konprann sa w'ap di a si mesay w'ap bay an langay la pa klè? Se pou van w'ap pale! Moun pale divès kalite lang sou latè, men pa gen yonn ki pa gen sans. Men, si m pa konprann yon mo nan lang y'ap pale avè m lan, moun k'ap pale lang sa a, l'ap yon etranje pou mwen, mwen menm tou m'ap yon etranje pou li. Konsa tou pou nou. N'ap chache gen kado ki sòti nan Lespri Bondye a. Dakò. Men, anvan tout bagay, sa pou n chache an kantite a se don ki pou ede legliz la grandi nan konfyans. Se sa k fè, lè yon moun ap pale langay, se pou l mande Bondye don pou l ka esplike sans mo yo. Lè m'ap lapriyè nan langay, se bonnanj mwen k'ap lapriyè, men lespri mwen pa travay. Kisa m pral fè kounyeya? Mwen pral lapriyè avèk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyè avèk lespri mwen tou. Mwen pral chante avèk bonnanj mwen, men mwen pral chante avèk lespri mwen tou. Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langay, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn “amèn” lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a? Mwen dakò avèk nou, nou te ka fè yon bèl lapriyè pou di Bondye mèsi, men konfyans lòt moun yo pa pwofite. Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pale langay pase nou tout. Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lòt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m di yon pakèt mo nan langay. Frè m yo, pa aji tankou timoun lè n'ap fè lespri nou travay. Nou mèt aji an timoun annegad sa ki mal. Men, aji an granmoun lè n'ap fè lespri nou travay. Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: M'a pale avèk pèp la nan bouch moun lòt peyi, nan bouch moun ki pale lòt lang. Men malgre sa, pèp mwen an p'ap koute mwen. Se Bondye menm ki di sa. Se sa k fè, lè yon moun gen don pou l pale langay, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrè, lè yon moun gen don pou l bay mesay ki sòti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Lè tout legliz la sanble, sipoze tout moun ap pale langay, si yon moun deyò osinon yon moun ki pa kwè vin antre kote nou ye a, eske li p'ap di se yon bann moun fou nou ye? Men, si tout moun ap bay mesay ki sòti nan Bondye, lè sa a yon moun ki pa kwè, osinon yon moun deyò, si l vin rive, sa la tande a va fè l wè aklè se nan peche l'ap viv. Tou sa l'ap tande a pral jije li. Tout lide li te gen kache nan kè l ap parèt deyò. Lè sa a, l'a bese tèt li, l'a adore Bondye, l'a di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.