1 Korent 11:2-16

1 Korent 11:2-16 HAT98

Mwen fè nou konpliman pou jan nou toujou chonje m, pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou. Men, sa mwen vle nou konprann byen: Se Kris la ki Chèf tout gason. Se mari ki alatèt madanm li. Se Bondye ki chèf Kris la. Si yon nonm pa dekwafe li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap preche, li derespekte Kris la. Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesay ki sòti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tèt li kale. Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l ou ankò pou l kale tèt li, se pou l kouvri tèt li tou. Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fè wè bèl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fè wè. Paske, se pat avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm. Se pa pou fanm Bondye te kreye gason, men se pou gason Bondye te kreye fanm. Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt anba otorite mari li. Men, nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a, fanm bezwen sèvis gason, gason bezwen sèvis fanm. Paske, menm jan se avèk moso kò yon gason Bondye te kreye fanm, konsa tou se nan vant fanm gason sòti. Men, tout bagay sòti nan Bondye. Dapre nou, eske se lizay sa pou yon fanm pa gen anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè Bondye? Se pa natirèl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont. Men, se bèl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l cheve long li yo pou sèvi l tankou yon vwal sou tèt li. Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis.