1 Korent 10:14-33

1 Korent 10:14-33 HAT98

Se poutèt sa, zanmi m yo, pa mele nan sèvis zidòl yo. M'ap pale ak nou tankou ak moun ki gen bon konprann: jije nou menm sa m'ap di a. Gode benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, eske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l, eske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun? Se yon sèl pen ki genyen, pa vre? Nou menm tou, nou te mèt anpil, nou fè yon sèl kò, paske se yon sèl pen an nou separe bay tout moun. Ann konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lotèl la, li vin an kominyon ak Bondye ki mèt lotèl la. Kisa m vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè? Non! Men sa m vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an kominyon ak denmon yo. Nou pa kapab ap bwè nan gode Senyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Senyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo. Osinon, èske nou vle eksite jalouzi Senyè a? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li? Nou gendwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gendwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye. Piga pèsonn chache sa ki bon pou tèt pa l ase. Se pou l chache enterè lòt yo tou. Nou lib manje tout vyann yo vann nan mache san nou pa bezwen mande pyès kesyon. Konsa konsyans nou p'ap twouble. Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l. Si yon moun ki pa gen konfyans nan Kris la envite nou nan yon fèt, si nou asepte ale, se pou n manje tou sa yo mete devan nou, san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans pèsonn p'ap twouble. Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pèsonn pa boulvèse. Mwen pa di sa pou konsyans pa nou non, men pou konsyans lòt moun lan. Men, yon moun va mande m: Ki jan konsyans yon lòt moun ka sèvi m antrav nan sa m gendwa fè? Si mwen di Bondye mèsi pou sa m'ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m mal pou yon manje konsa? Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye. Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche. Se pou nou fè tankou m: nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m fè tout moun plezi. Mwen p'ap chache avantaj pa m, men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.