1 Korent 10:14-33

1 Korent 10:14-33 1998 Haïtienne (HAT98)

Se poutèt sa, zanmi m yo, pa mele nan sèvis zidòl yo. M'ap pale ak nou tankou ak moun ki gen bon konprann: jije nou menm sa m'ap di a. Gode benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, eske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l, eske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun? Se yon sèl pen ki genyen, pa vre? Nou menm tou, nou te mèt anpil, nou fè yon sèl kò, paske se yon sèl pen an nou separe bay tout moun. Ann konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lotèl la, li vin an kominyon ak Bondye ki mèt lotèl la. Kisa m vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè? Non! Men sa m vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an kominyon ak denmon yo. Nou pa kapab ap bwè nan gode Senyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Senyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo. Osinon, èske nou vle eksite jalouzi Senyè a? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li? Nou gendwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gendwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye. Piga pèsonn chache sa ki bon pou tèt pa l ase. Se pou l chache enterè lòt yo tou. Nou lib manje tout vyann yo vann nan mache san nou pa bezwen mande pyès kesyon. Konsa konsyans nou p'ap twouble. Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l. Si yon moun ki pa gen konfyans nan Kris la envite nou nan yon fèt, si nou asepte ale, se pou n manje tou sa yo mete devan nou, san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans pèsonn p'ap twouble. Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pèsonn pa boulvèse. Mwen pa di sa pou konsyans pa nou non, men pou konsyans lòt moun lan. Men, yon moun va mande m: Ki jan konsyans yon lòt moun ka sèvi m antrav nan sa m gendwa fè? Si mwen di Bondye mèsi pou sa m'ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m mal pou yon manje konsa? Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye. Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche. Se pou nou fè tankou m: nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m fè tout moun plezi. Mwen p'ap chache avantaj pa m, men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.

1 Korent 10:14-33 New International Version (NIV)

Therefore, my dear friends, flee from idolatry. I speak to sensible people; judge for yourselves what I say. Is not the cup of thanksgiving for which we give thanks a participation in the blood of Christ? And is not the bread that we break a participation in the body of Christ? Because there is one loaf, we, who are many, are one body, for we all share the one loaf. Consider the people of Israel: Do not those who eat the sacrifices participate in the altar? Do I mean then that food sacrificed to an idol is anything, or that an idol is anything? No, but the sacrifices of pagans are offered to demons, not to God, and I do not want you to be participants with demons. You cannot drink the cup of the Lord and the cup of demons too; you cannot have a part in both the Lord’s table and the table of demons. Are we trying to arouse the Lord’s jealousy? Are we stronger than he? “I have the right to do anything,” you say—but not everything is beneficial. “I have the right to do anything”—but not everything is constructive. No one should seek their own good, but the good of others. Eat anything sold in the meat market without raising questions of conscience, for, “The earth is the Lord’s, and everything in it.” If an unbeliever invites you to a meal and you want to go, eat whatever is put before you without raising questions of conscience. But if someone says to you, “This has been offered in sacrifice,” then do not eat it, both for the sake of the one who told you and for the sake of conscience. I am referring to the other person’s conscience, not yours. For why is my freedom being judged by another’s conscience? If I take part in the meal with thankfulness, why am I denounced because of something I thank God for? So whether you eat or drink or whatever you do, do it all for the glory of God. Do not cause anyone to stumble, whether Jews, Greeks or the church of God— even as I try to please everyone in every way. For I am not seeking my own good but the good of many, so that they may be saved.

1 Korent 10:14-33 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

C’est pourquoi, mes amis très chers, n’allez pas aux cérémonies en l’honneur des faux dieux ! Je vous parle comme à des personnes sages. Jugez vous-mêmes ce que je dis. Nous remercions Dieu pour la coupe de bénédiction. Quand nous la buvons, est-ce que nous n’entrons pas en communion avec le sang du Christ ? Quand nous mangeons le pain que nous partageons , est-ce que nous n’entrons pas en communion avec le corps du Christ ? Il y a un seul pain. Alors, tous ensemble, nous sommes un seul corps, parce que nous mangeons tous un seul pain. Voyez les Israélites : ceux qui mangent des animaux offerts en sacrifice sur l’autel sont en communion avec Dieu. Qu’est-ce que je veux dire ? Que la viande offerte aux faux dieux vaut quelque chose ? Ou bien que les faux dieux valent quelque chose ? Non ! Mais je veux dire que ces sacrifices sont offerts aux esprits mauvais, et non à Dieu. Et je ne veux pas que vous soyez en communion avec les esprits mauvais. Vous ne pouvez pas boire à la fois à la coupe du Seigneur et à la coupe des esprits mauvais. Vous ne pouvez pas prendre part à la fois au repas du Seigneur et aux repas des esprits mauvais . Ou bien, est-ce que nous voulons rendre le Seigneur jaloux ? Est-ce que nous sommes plus forts que lui ? Certains disent : « Tout est permis. » Oui, mais tout n’est pas bon. « Tout est permis », c’est vrai, mais tout ne construit pas la communauté. Personne ne doit chercher son intérêt à soi, mais plutôt celui des autres. Tout ce qu’on vend au marché, mangez-en sans poser de question, avec une conscience tranquille. En effet, tout appartient au Seigneur : la terre et tout ce qu’elle contient . Par exemple, quelqu’un qui n’est pas chrétien vous invite, et vous acceptez son invitation. Alors mangez la nourriture qu’on vous offre, avec une conscience tranquille. Mais on vous dira peut-être : « C’est de la viande offerte en sacrifice aux faux dieux. » Alors, n’en mangez pas, à cause de celui qui vous a dit cela, et pour des raisons de conscience. Je parle de sa conscience à lui et non de la vôtre. Mais est-ce que la conscience de quelqu’un d’autre va juger ce que je fais librement ? Pourquoi donc ? Quand je mange en remerciant Dieu, je dis merci pour la nourriture. Alors, on ne peut pas dire du mal de moi, à cause de cette nourriture. Donc, quand vous mangez, quand vous buvez, ou quand vous faites autre chose, agissez en tout pour la gloire de Dieu. Ne faites tomber personne dans le péché par votre façon d’agir : ni les Juifs, ni ceux qui ne sont pas juifs, ni l’Église de Dieu. Faites comme moi ! J’essaie de plaire à tous dans toutes mes actions. Je ne cherche pas mon intérêt, je cherche l’intérêt de tous pour qu’ils soient sauvés.

1 Korent 10:14-33 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

An konklizyon zanmi m yo, retire kò w nan zafè adorasyon zidòl. Nou se moun entèlijan. Jije sa m di a pou n wè si m pa pale verite a. Nou di Bondye mèsi pou koup benediksyon an. Lè nou bwè ladan l, li mete nou an kominyon ak san Kris la, pa vre? Pen an nou pataje a, li mete nou an kominyon ak kò kris la, pa vre? Gen yon sèl pen. Konsa, anpil kou nou ka anpil, nou fè yon sèl kò paske nou manje nan menm pen an. Konsidere pèp Izrayèl la: lè yo manje vyann bèt ki ofri sou lotèl la kòm sakrifis, yo vin an kominyon ak lotèl la, pa vre? Kounye a èske m vle di zidòl oswa vyann yo sakrifye bay zidòl gen valè? Non! Men sa m vle di an reyalite: sakrifis bèt yo se pou denmon yo ye, se pa pou Bondye. Donk, mwen pa vle pou nou an kominyon avèk denmon. Nou pa ka ap bwè jodi a nan koup Senyè a epi demen nan koup denmon yo. Nou pa ka ap patisipe nan repa Senyè a epi pou n ap patisipe nan repa denmon yo tou. Èske se jalouzi nou vle pouse Senyè fè? Èske nou santi nou gen plis fòs pase Senyè a? Nou di “Nou kapab fè tout bagay,” men se pa tout bagay ki bon bagay. Nou di “Nou ka fè tout bagay.” Men gen bagay nou fè ki pa ede lòt moun grandi. Pa wè enterè pa nou. Chèche enterè lòt yo pito. Manje depi se vyann moun achte nan mache. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon banm kesyon sou kote vyann sa a soti kote l pa soti. Bib la klè sou sa: “Tè a ak tout sa ki ladan l, se pou Senyè a yo ye.” Yon moun ki pa konvèti envite w manje epi ou deside ale. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon bann kesyon. Manje tout sa yo mete devan w. Men, si yon moun di w: “Vyann sa a se vyann sakrifis pou zidòl,” pa manje l. Wi, fè l kon sa poutèt moun ki bay enfòmasyon an, men tou, se poutèt relasyon nou genyen youn ak lòt epi ak Bondye. Mwen p ap pale de relasyon pa w ak Bondye, men m ap pale de relasyon moun ki bay enfòmasyon an ak Bondye. Pouki m relasyon ak yon lòt moun dwe sèvi limit pou libète m? Si m di Bondye mèsi pou yon manje m ap manje, pouki pou m resevwa kritik pou menm manje sa a? Men Kòman mwen reponn kesyon sa a, kit w ap manje kit w ap bwè, kèlkeswa sa w ap fè a, fè l pou glwa Bondye. Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif. Fè menm jan avè m. Mwen fè sa m kapab pou m fè tout moun plezi nan tout bagay. Mwen pa chache enterè m. Mwen chache enterè lòt yo pou yo kapab sove.

1 Korent 10:14-33 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Pour toutes ces raisons, chers amis, je vous en conjure : fuyez le culte des idoles. Je vous parle là comme à des gens raisonnables : jugez vous-mêmes de ce que je dis. La « coupe de reconnaissance », pour laquelle nous remercions Dieu, ne signifie-t-elle pas que nous sommes au bénéfice du sacrifice de Christ qui a versé son sang pour nous ? Et le pain que nous rompons, ne signifie-t-il pas que nous sommes au bénéfice du corps de Christ offert pour nous ? Comme il n’y a qu’un seul pain, nous tous, malgré notre grand nombre, nous ne formons qu’un seul corps, puisque nous partageons entre tous ce pain unique. Pensez à ce qui se passe dans le peuple d’Israël, j’entends Israël au sens national : ceux qui mangent les victimes offertes en sacrifice ne sont-ils pas au bénéfice du sacrifice offert sur l’autel  ? Cela signifierait-il qu’une viande, parce qu’elle est sacrifiée à une idole, prend une valeur particulière ? Ou que l’idole ait quelque réalité ? Certainement pas ! Mais je dis que les sacrifices des païens sont offerts à des démons et à ce qui n’est pas Dieu . Or, je ne veux pas que vous ayez quoi que ce soit de commun avec les démons . Vous ne pouvez boire à la coupe du Seigneur et en même temps à celle des démons. Vous ne pouvez pas manger à la table du Seigneur et à celle des démons. Ou bien, voulons-nous provoquer le Seigneur dont l’amour est exclusif ? Nous croyons-nous plus forts que lui ? Oui, tout m’est permis, mais tout n’est pas bon pour nous. Tout est permis mais tout n’aide pas à grandir dans la foi. Que chacun de vous, au lieu de songer seulement à lui-même, recherche aussi les intérêts des autres. Vous pouvez manger de tout ce qui se vend au marché sans vous poser de questions, par scrupule de conscience, sur l’origine de ces aliments. Car la terre et ses richesses appartiennent au Seigneur . Si un non-croyant vous invite et que vous désiriez accepter son invitation, mangez tranquillement de tout ce que l’on vous servira, sans vous poser de questions par scrupule de conscience. Mais si quelqu’un vous dit : « Cette viande a été offerte en sacrifice à une idole », alors n’en mangez pas à cause de celui qui vous a prévenus et pour des raisons de conscience. – Par conscience, j’entends, évidemment, non la vôtre, mais la sienne. – Pourquoi, en effet, exposerais-je ma liberté à être condamnée du fait qu’un autre a des scrupules de conscience ? Si je mange en remerciant Dieu, pourquoi serais-je critiqué au sujet d’un aliment pour lequel je rends grâce à Dieu ? Ainsi, que vous mangiez, que vous buviez, bref, quoi que ce soit que vous fassiez, faites tout pour la gloire de Dieu. Mais que rien, dans votre comportement, ne soit une occasion de chute, ni pour les Juifs, ni pour les païens, ni pour les membres de l’Eglise de Dieu. Agissez comme moi qui m’efforce, en toutes choses, de m’adapter à tous. Je ne considère pas ce qui me serait avantageux, mais je recherche le bien du plus grand nombre pour leur salut.