Frè m' yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse. Mwen di nou sa, frè m' yo, paske mwen aprann nan bouch moun fanmi Kloye yo gen chirepit nan mitan nou. Men sa m vle di: Chak moun ap di yon bagay diferan. Sa a di: mwen se moun Pòl. Yon lòt di: mwen se moun Apolòs. Yon lòt ankò di: mwen se moun Pyè. Yon lòt ankò: mwen se moun Kris la. Nan kondisyon sa a, Kris la genlè divize? Eske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou? Osinon, eske se nan non Pòl yo te batize nou?
Li 1 Korent 1
Koute 1 Korent 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Korent 1:10-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo