pou fè tout bèl bagay lò osinon lajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulyeya, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye? Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè. Yo bay sanswasannsenk (165) kilo lò, twasantrantmil (330.000) kilo ajan, sètsanmil (700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (3,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan. Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an. Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Senyè a paske yo te fè l ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil. Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: — Lwanj pou ou, Senyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan! Senyè, ou gen pouvwa, ou gen kouray! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Senyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. Se nan men ou tout richès ak tout byen sòti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. Kounyeya, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.
Li 1 Kwonik 29
Koute 1 Kwonik 29
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kwonik 29:5-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo