1 Kwonik 27

27
Gouvènman ak lame David la
1Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason (24.000) ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan.
2Pou #1 Kwo 11.11 gwoup ki te desèvis pou premye mwa a, se Jachobeam, pitit gason Zabdyèl la, ki te chèf. 3Se #Nonb 26.20 te yon moun nan fanmi Farèz. Li te kòmandan tout chèf lame ki te desèvis pou premye mwa a.
4Pou #2 Sam 23.9; 1 Kwo 11.12 gwoup dezyèm mwa a, se te Dodayi, moun lavil Akoa, ki te chèf. Li te gen Miklòt pou adjwen.
5Pou #2 Sam 8.18; 23.20-23; 1 Kwo 11.22-25 gwoup twazyèm mwa a, chèf lame a te rele Benaja, pitit Jeoyada, granprèt la. 6Benaja sa a te chèf trant pi vanyan sòlda yo. Apre li, se Amizabad, pitit gason l, ki te pran kòmandman gwoup la.
7Pou #2 Sam 2.18; 23.24; 1 Kwo 11.26 gwoup katriyèm mwa a, se Azayèl, frè Joab la, ki te chèf. Apre li, se Zebadya, pitit li, ki te pran kòmandman an.
8Pou #2 Sam 23.25; 1 Kwo 11.27 gwoup senkyèm mwa a, se Chamout, moun fanmi Izra, ki te chèf.
9Pou #2 Sam 23.26; 1 Kwo 11.28 gwoup sizyèm mwa a, se Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, ki te chèf.
10Pou #2 Sam 23.26; 1 Kwo 11.27 gwoup setyèm mwa a, se Elèz, moun fanmi Efrayim nan lavil Pelon, ki te chèf.
11Pou #2 Sam 21.18; 1 Kwo 11.29; 20.4 gwoup uityèm mwa a, se Sibekayi, moun lavil Oucha, ki te chèf. Se yon moun fanmi Zera nan gwo branch fanmi Jida a.
12Pou #2 Sam 23.27; 1 Kwo 11.28 gwoup nevyèm mwa a, se Abyezè, moun lavil Anatòt nan branch fanmi Benjamen, ki te chèf.
13Pou #2 Sam 23.28; 1 Kwo 11.30 gwoup dizyèm mwa a, se Marayi, moun lavil Netofa nan fanmi Zera, ki te chèf.
14Pou #2 Sam 23.30; 1 Kwo 11.31 gwoup onzyèm mwa a, se Benaja, moun lavil Piraton nan zòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, ki te chèf.
15Pou #Jij 1.13; 3.9; 1 Kwo 4.13; 11.30 gwoup douzyèm mwa a, se Eldayi, moun fanmi Otnyèl nan lavil Netofa, ki te chèf.
Chèf branch fanmi yo
16Men non chèf ki te reskonsab douz gwo branch fanmi pèp Izrayèl la:
Pou branch fanmi Riben lan, se te Elyezè, pitit gason Zikri. Pou branch fanmi Simeyon an, se te Sefatya, pitit gason Maka. 17Pou #1 Kwo 24.3 branch fanmi Levi a, se te Asabya, pitit gason Kemwèl. Pou branch fanmi Arawon an, se te Zadòk. 18Pou branch fanmi Jida a, se te Eliyou, yonn nan frè David yo. Pou branch fanmi Isaka a, se te Omri, pitit gason Mikayèl. 19Pou branch fanmi Zabilon an, se te Ismaja, pitit gason Obadya. Pou branch fanmi Neftali a, se te Jerimòt, pitit gason Azriyèl. 20Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Azazya. Pou mwatye branch fanmi Manase a, se te Jowèl, pitit gason Pedaja. 21Pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, ki te rete nan peyi Galarad, se te Ido, pitit gason Zakari. Pou branch fanmi Benjamen an, se te Jasiyèl, pitit gason Abnè. 22Pou #1 Kwo 28.1 branch fanmi Dann lan, se te Azareyèl, pitit gason Jeworam lan. Se yo ki te chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo.
23David #Jen 15.5 pat fè konte moun ki pat ankò gen ventan sou tèt yo, paske Senyè a te pwomèt li t'ap fè pèp Izrayèl la peple pou yo te rive menm kantite ak zetwal nan syèl la. 24Joab, #1 Kwo 21.5-7 pitit gason Sewouya a, te konmanse ap konte moun nan pèp la, men li pat fin fè l paske sa te lakòz Bondye te fache sou pèp la. Se konsa yo pa mete nan liv Istwa wa David la kantite moun yo te jwenn.
Lòt moun ki t'ap travay pou wa a
25Se Azmavèt, pitit gason Adiyèl la, ki te reskonsab trezò wa a. Se Jonatan, pitit Ozyas la, ki te reskonsab tout depo ki te nan jaden, nan lavil, nan ti bouk ak sou fontyè yo.
26Se Ezri, pitit gason Keloub la, ki te reskonsab tout moun ki t'ap okipe jaden wa a. 27Se Chimeyi, moun lavil Rama, ki te reskonsab tout jaden rezen yo. Se Zabdi, moun lavil Chefam ki te reskonsab tout depo diven yo te fè ak rezen yo te ranmase nan jaden yo. 28Se Baal-Anan, moun lavil Gedè, ki te reskonsab tout pye oliv ak pye sikomò ki te nan basrak yo. Se Joach ki te reskonsab depo lwil yo. 29Se Chitrayi, moun Sawon, ki te reskonsab tout bèf yo t'ap gade nan zòn Sawon an. Se Chafat, pitit gason Adlayi, ki te reskonsab bèf yo t'ap gade nan fon yo. 30Se Obil, moun fanmi Izmayèl yo, ki te reskonsab chamo yo. Se Jekdeja, moun lavil Mewonòt, ki te reskonsab fenmèl bourik yo. 31Se Jazis, moun peyi Aga, ki te reskonsab mouton ak kabrit yo. Se tout moun sa yo ki te jeran tout byen wa David yo.
Konseye wa David yo
32Jonatan, tonton David, te yon konseye. Se te yon moun lespri ki te fò anpil. Jekiyèl, pitit Akmoni, te reskonsab levasyon tout pitit gason wa a. 33Akitofèl #2 Sam 15.12,37 te konseye wa a tou. Ouzayi, moun peyi Ak, te bon zanmi wa a. 34#1 Wa 1.7; 1 Kwo 11.6; 27.5 Akitofèl mouri, se Abyata ak Jeojada, pitit Benaja, ki vin konseye wa a. Joab te kòmandan lame wa a.

Chwazi Kounye ya:

1 Kwonik 27: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte