1 Kwonik 25

25
Mizisyen Tanp lan
1Apre sa, wa David ak chèf moun #2 Wa 3.15; 1 Kwo 6.33,39; 15.16; 16.41; Ney 12.27 Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesay Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak:
2Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesay Bondye yo chak lè wa a mande l pou l fè l.
3Jedoutoun te gen sis pitit: Gedalya, Zeri, Izayi, Chimèy, Asabya ak Matatya. Yo te sou zòd Jedoutoun, papa yo. Se yo ki te konn fè konnen mesay Bondye yo antan y'ap jwe gita, pou fè lwanj Bondye, pou di l mèsi.
4Eyman te gen katòz pitit: Boukija, Matanya, Ouzyèl, Sebwèl, Jerimòt, Ananya, Anani, Elyata, Gidalti, Womanti-Ezè, Josbekacha, Maloti, Oti ak Mazyòt. 5Bondye #2 Sam 24.11 te bay Eyman, pwofèt wa a, katòz pitit gason sa yo ak twa pitit fi, dapre pwomès li te fè l pou l te ba li anpil pouvwa. Lè yo t'ap fè konnen mesay Bondye yo, se yo ki te pou kònen twonpèt yo. 6Se #1 Kwo 15.16; Ney 12.27 Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal.
Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a. 7Sa #1 Kwo 23.5 te fè antou desankatrevenntwit (288) mizisyen ki te fò nan fè mizik, ansanm ak tout lòt moun Levi parèy yo ki te aprann chante pou Senyè a.
8Yo te fè tout moun fè tirajosò, gran kou piti, ni sa ki fò nan mizik, ni sa ki te fèk koumanse aprann, pou yo te ka konnen lè pou yo fè travay yo nan sèvis la. 9-31Desankatrevenntwit (288) mesye sa yo te separe chak fanmi apa. Sa te fè vennkat gwoup. Chak gwoup te gen douz moun. Nan chak gwoup te gen yon chèf ak pitit gason l yo ansanm ak frè l yo. Men nan ki lòd yo te sòti apre yo fin piye a. Premye a te Jozèf nan fanmi Asaf la, dezyèm lan Gedalya, twazyèm lan Zakou, katriyèm lan Jisri, senkyèm lan Netanya, sizyèm lan Boukya, setyèm lan Acharela, uityèm lan Izayi, nevyèm lan Matanya, dizyèm lan Chimeyi, onzyèm lan Azareyèl, douzyèm lan Achabya, trèzyèm lan Choubayèl, katòzyèm lan Matatya, kenzyèm lan Jerimòt, sèzyèm lan Ananya, disètyèm lan Josbekacha, dizuityèm lan Anani, diznèvyèm lan Maloti, ventyèm lan Elyata, venteyinyèm lan Oti, venndezyèm lan Gidalti, venntwazyèm lan Mazyòt, vennkatriyèm lan Womanti-Ezè.

Chwazi Kounye ya:

1 Kwonik 25: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte