1 Kwonik 21

21
David fè resansman pèp Izrayèl
(2 Samyèl 24.1-9)
1Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl #2 Sam 24.1-25 la, #Jòb 1.6-12; 2.1-7; Zak 3.1,2; Lik 22.31; Tra 5.3; Rev 12.9 li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la. 2Wa a pale ak Joab ansanm ak lòt chèf yo, li di yo konsa:
— Ale nan tout branch fanmi Izrayèl yo, depi lavil Bètcheba nan sid jouk lavil Dann nan nò. Konte dènye moun ki nan pèp la. Lèfini, fè m yon rapò pou m ka konnen konbe moun ki gen nan peyi a.
3Men Joab di wa a konsa:
— Monwa, mwen mande Senyè a pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye kounyeya. Lèfini, monwa, ou konnen yo tout la ap sèvi ou. Men poukisa, monwa, ou vle fè sa? Poukisa ou vle pòte pèp Izrayèl la fè sa ki mal?
4Men, wa a pat sòti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab pati, li vwayaje nan tout peyi a. Apre sa, li tounen lavil Jerizalèm. 5Joab renmèt wa a rapò ki bay kantite moun ki te gen antou nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn yon milyon sanmil (1,100.000) gason ki konn sèvi ak nepe nan peyi Izrayèl la ak katsanswasanndimil (470.000) nan peyi Jida a. 6Men #Nonb 1.47; 1 Kwo 27.24 Joab pat konte moun ni nan branch fanmi Levi a, ni nan branch fanmi Benjanmen an, paske lòd wa a te bay la pat antre nan santiman l menm.
Bondye pini David
(2 Samyèl 24.10-25)
7Men, sa David te fè a pat fè Bondye plezi. Bondye pini pèp Izrayèl la. 8#2 Sam 12.13 sa a, David di Bondye:
— Sa m fè la a, se yon gwo peche. Kounyeya, tanpri, padonnen m. Pa bliye se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.
9Senyè a #1 Sam 9.9; 22.5; 1 Kwo 29.29 pale ak pwofèt Gad, konseye David la, li di l konsa:
10— Ale pale ak David. W'a di l men mesay Senyè a voye ba ou. Li mete twa chatiman devan ou. Ou menm, w'a chwazi yonn ladan yo. Sa w'a chwazi a, se sa l'a fè ou.
11Se konsa Gad al jwenn David lakay li, li di l konsa:
— Men sa Senyè a voye di ou: Kisa ou vle? 12Twa lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lènmi k'ap pousib ou ak sòlda yo, osinon twa jou ap sibi chatiman Senyè a ak yon epidemi nan tout peyi a, pou zanj Senyè a menm ap mache touye moun nan tout peyi Izrayèl la? Al kalkile sou sa pou fè m konnen ki repons pou m pote bay moun ki voye m lan.
13David reponn:
— M nan gwo tèt chaje! Men, m pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Senyè a ki pini m, paske li gen bon kè!
14Se konsa, Senyè a voye yon epidemi sou pèp Izrayèl la. Li touye swasanndimil (70.000) moun nan pèp Izrayèl la. 15Senyè a #Jowèl 2.13 te voye zanj li sou lavil Jerizalèm pou detwi l. Lè zanj lan konmanse fè travay li, Senyè a wè sa, li fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo:
— Sispann! Kenbe men ou!
Lè sa a, zanj lan te gentan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la. 16David #2 Wa 19.1 voye je li, li wè zanj Senyè a kanpe anlè san pye li pa touche tè, bra li lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men li. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad penitans yo sou yo, yo bese tèt yo jouk atè. 17David pale ak Senyè a, li di l konsa:
— Se mwen menm ki te mande pou yo konte moun yo. Se mwen menm ki antò. Se mwen menm ki fè sa ki mal. Kisa moun sa yo fè? Se mouton yo ye. Tanpri, Senyè, Bondye mwen, pa voye okenn malè sou pèp la. Se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini.
18Zanj #2 Kwo 3.1 Senyè a te bay pwofèt Gad lòd pou l te al mande David pou l moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Senyè a nan mitan glasi a. 19David koute sa Gad te di l la, li moute lakay Onan jan Senyè a te ba li lòd la. 20Onan menm, li t'ap bat ble ansanm ak pitit gason li ki te la ak li sou glasi a. Lè yo wè zanj lan, ti mesye yo kouri al kache. 21Onan vire tèt li, li wè David ki t'ap vini. Li kite glasi a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk fwon li touche tè. 22David di Onan konsa:
— Vann mwen anplasman glasi a pou m bati yon lotèl pou Senyè a. Ban mwen li pou pri li vo. Konsa, epidemi k'ap fini ak pèp la va sispann.
23Onan di David konsa:
— Monwa, ou mèt pran l pou fè sa ou vle avè l. Men m'ap bay bèf sa yo pou ou boule nèt sou lotèl la. Men jouk bèf yo ak bwa kabwa yo pou fè dife, ak blè pou sèvi ofrann grenn jaden an. M'ap ba ou tout bagay sa yo.
24Men wa David reponn Onan, li di l:
— Non. Se achte m'ap achte. Se pou m peye ou sa yo vo. M pa ka ofri Senyè a sa ki pou ou. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m lajan pou m ofri bay Senyè a.
25Se konsa David bay Onan swasant pyès lò pou anplasman glasi a. 26Lèfini, #Lev 9.24 li bati yon lotèl pou Senyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Senyè a. Senyè a reponn li, li voye dife sòti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la.
27Lè sa a, Senyè a bay zanj li a lòd pou li mete nepe li nan djenn li ankò. 28Lè David wè Senyè a te reponn lapriyè li te fè nan pye l sou glasi Onan, moun lavil Jebis la, li ofri bèt pou touye sou lotèl la. 29Men #1 Kwo 16.39 lè sa a, Tant Randevou Moyiz te fè moute pou Senyè a nan dezè a ansanm ak lotèl pou boule ofrann bèt yo te sou mòn Gabawon toujou, kote yo te mete apa pou Senyè a. 30Men, David pat ka ale la pou adore Senyè a, paske li te pè nepe zanj Senyè a.

Chwazi Kounye ya:

1 Kwonik 21: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte