1 Kwonik 1

1
Depi Adan rive Abraram
(Jenèz 5.1-32; 10.1-32; 11.10-26)
1Adan #Jen 4.25,26; 5.3,6; Lik 3.38 te papa Sèt, Sèt te papa Enòch, 2Enòch #Jen 5.9-32; Lik 3.36,37 te papa Kenan, Kenan te papa Malaleyèl, Malaleyèl te papa Jerèd, 3Jerèd te papa Enòk, Enòk te papa Metouchela, Metouchela te papa Lemèk, 4Lemèk #Jen 9.18 te papa Noye, Noye te papa Sèm, Kam ak Jafè.
5Men #Jen 10.2-4 non pitit Jafè yo: Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras. 6Men non pitit Gomè yo: Achkenaz, Rifat ak Togama. 7Men non pitit Javan yo: Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
8Men #Jen 10.6-8 non pitit Kam yo: Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. Se yo ki zanset moun ki pote non yo. 9Men non pitit Kouch yo: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Men non pitit Rama yo: Seba ak Dedan. 10Kouch te papa Nimwòd ki te premye gwo chèf sou latè.
11Mizrayim #Jen 10.13-18 fè pitit. Se yo ki te zansèt moun peyi Lidi yo, moun Anam yo, moun Leyab yo, moun Naftou yo, 12moun Patwous yo, moun Kaslou yo ak moun lil Kaftò yo. Se nan ras sa a moun Filisti yo sòti. 13Men non pitit Kanaran yo: Sidon, premye pitit li ak Et. Se yo menm ki zansèt moun ki pote non yo. 14Kanaran te zansèt moun Jebis yo, moun Amori yo, moun Gigach yo, 15moun Evi yo, moun Aka yo, moun Sini yo, 16moun Avad yo, moun Zema yo ak moun Amat yo.
17Men #Jen 10.22-29 non pitit Sèm yo: Elam, Asou, Apachad, Lidi, Aram. Men non pitit Aram yo: Ouz, Oul, Getè ak Mechèk. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo. 18Apachab te papa Chelak, Chelak te papa Ebè. 19Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, #1.19: Pelèg: Nan lang ebre a non sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di divize, separe. paske sou tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Lòt pitit Ebè a te rele Joktan. 20Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azamavèt, Jerak, 21Adoram, Ouzal, Dikla, 22Ebal, Abimayèl, Seba, 23Ofi, Avila ak Jobab. Tout moun sa yo se pitit Joktan yo ye.
24Sòti #Jen 11.10-26; Lik 3.34-36 nan Sèm rive sou Abraram, nou jwenn Sèm, Apachad, Chelak, 25Ebè, Pelèg, Reou, 26Sewoug, Nakò, Terak 27ak Abram ki te rele Abraram tou.
Fanmi Izmayèl
(Jenèz 25.1-6,12-16)
28Abraram #Jen 16.15; 21.2,3 te gen de pitit gason: Izarak ak Izmayèl. 29Pitit #Jen 25.13-16 gason Izmayèl yo te vin zansèt douz branch fanmi: Se te Nebajòt, premye pitit Izmayèl la, Keda, Adbeyèl, Mibsam, 30Michma, Douma, Masa, Adad, Tema, 31Jetou, Nafich ak Kedma.
32Abraram #Jen 25.1-4 te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan. 33Madyan te gen senk pitit gason. Se te Efa, Efè, Enòk, Abida ak Elda. Tout moun sa yo, se nan branch fanmi Ketoura a yo ye.
Fanmi Ezayi
(Jenèz 36.1-19)
34Izarak, #Jen 25.25,26; 32.28; Mat 1.2 pitit gason Abraram, te gen de pitit gason: Se te Ezayi ak Izrayèl. 35Men #Jen 36.4,5,9-13 non pitit Ezayi yo: Elifaz, Reouyèl, Jeouch, Jalam ak Kore. 36Se Elifaz ki zansèt branch fanmi sa yo: Teman, Oma, Zefi, Gayetan, Kenaz, Timna ak Amalèk. 37Reouyèl te zansèt branch fanmi sa yo: Naat, Zera, Chanma ak Miza.
Premye moun peyi Edon yo
(Jenèz 36.20-30)
38Se #Jen 36.20-28,31-43 Seyi ki zansèt premye moun ki te rete nan peyi Edon an. Men non pitit li yo: Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, Dichon, Ezè ak Dichan. 39Men non pitit Lotan yo: Ori ak Oman. Lotan te gen yon sè ki te rele Timna. 40Men pitit Chobal yo: Aljan, Manarat, Ebal, Chefi, Onam. Men non pitit Zibeyon yo: Aja ak Ana. 41Ana te papa Dichon, Dichon te papa Amram, Echban, Jitran ak Keran.
42Ezè te papa Bilan, Zavan ak Jakan. Dichan menm te papa Ouz ak Aran.
Wa peyi Edon yo
(Jenèz 36.31-43)
43Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen okenn wa nan peyi Izrayèl la. Premye a te Bela, pitit gason Beyò. Lavil kote li moun lan te rele Dinaba. 44#Eza 63.1; Jer 49.13 Bela mouri, se Jobab, pitit gason Zerak, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li. 45#Jòb 2.11; Jer 49.7; Eze 25.13 Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li. 46Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Mowab la. Yo te rele lavil kote li moun lan Avit. 47Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li. 48Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li. 49Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò, ki te gouvènen nan plas li. 50Lè Baalanan mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li moun lan Payi. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèb, ki pou tèt pa l te pitit fi Mezarab. 51Ada mouri. Apre sa, men non pitit Ezayi yo ki te chèf branch fanmi yo: Se te Timna, Alva, Jetèt, 52Olibama, Ela, Pinon, 53Kenaz, Teman, Mibza, 54Masdiyèl, Iram. Se te non tout chèf peyi Edon yo sa.

Chwazi Kounye ya:

1 Kwonik 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte