1
Matthïeu 28:19-20
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”
Konpare
Eksplore Matthïeu 28:19-20
2
Matthïeu 28:18
Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.
Eksplore Matthïeu 28:18
3
Matthïeu 28:5-6
Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.”
Eksplore Matthïeu 28:5-6
4
Matthïeu 28:10
Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”
Eksplore Matthïeu 28:10
5
Matthïeu 28:12-15
Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo. Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi. Si sa ta gen tan rive nan zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’”. Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.
Eksplore Matthïeu 28:12-15
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo