1
Matthïeu 27:46
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”
Konpare
Eksplore Matthïeu 27:46
2
Matthïeu 27:51-52
Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann. Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki t ap dòmi te vin leve.
Eksplore Matthïeu 27:51-52
3
Matthïeu 27:50
Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.
Eksplore Matthïeu 27:50
4
Matthïeu 27:54
Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”
Eksplore Matthïeu 27:54
5
Matthïeu 27:45
Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).
Eksplore Matthïeu 27:45
6
Matthïeu 27:22-23
Pilate te di: “E kisa pou mwen ta fè avèk Jésus ke yo rele Kris la?” E yo te di: “Krisifye Li!” Li te di: “Poukisa, ki mal Li fè?” Men yo te kontinye rele pi fò: “Krisifye Li!”
Eksplore Matthïeu 27:22-23
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo