1
Jij 16:20
1998 Haïtienne
Lè sa a, Dalila rele: — Samson! Men moun Filisti yo sou ou! Misye leve, li t'ap di nan kè li l'ap soti anba kòd yo, l'ap met deyò tankou lòt fwa yo. Men li pa te konnen Senyè a te gentan lage li.
Konpare
Eksplore Jij 16:20
2
Jij 16:28
Lè sa a, Samson lapriyè nan pye Bondye, li di: — O Bondye Senyè! Tanpri, chonje m non jòdi a! Tanpri, Bondye, ban m fòs ankò pou yon dènye fwa, pou m ka fè moun Filisti yo peye yon grenn kou pou de je m yo pete a.
Eksplore Jij 16:28
3
Jij 16:17
Bout pou bout li ba li sekrè a, li di l konsa: — Mwen pa janm koupe cheve nan tèt mwen. Se yon nazirit mwen ye, yo mete m apa pou Bondye depi nan vant manman m. Si yo koupe tout cheve nan tèt mwen, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.
Eksplore Jij 16:17
4
Jij 16:16
Chak jou li rete la nan kò Samson, l'ap plenyen nan tèt li. Samson pat kapab ankò, rete pou l te mouri.
Eksplore Jij 16:16
5
Jij 16:30
Epi li di: — M te mèt mouri ansanm ak moun Filisti yo. Li pouse ak tout fòs li sou poto yo, epi tanp lan tonbe sou tout chèf yo ak sou tout moun ki te la yo. Jou li mouri a, li te touye plis moun pase kantite moun li te touye pandan lavi li.
Eksplore Jij 16:30
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo