1
Efezyen 6:12
1998 Haïtienne
Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
Konpare
Eksplore Efezyen 6:12
2
Efezyen 6:18
Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
Eksplore Efezyen 6:18
3
Efezyen 6:11
Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.
Eksplore Efezyen 6:11
4
Efezyen 6:13
Se poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.
Eksplore Efezyen 6:13
5
Efezyen 6:16-17
Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.
Eksplore Efezyen 6:16-17
6
Efezyen 6:14-15
Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bòn nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a.
Eksplore Efezyen 6:14-15
7
Efezyen 6:10
Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.
Eksplore Efezyen 6:10
8
Efezyen 6:2-3
Trete manman ou ak papa ou avèk onè, avèk respè. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès dèyè li: Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.
Eksplore Efezyen 6:2-3
9
Efezyen 6:1
Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye.
Eksplore Efezyen 6:1
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo