1
Mat 14:30-31
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lè Pyè reyalize jan van an te toujou fò, lapèrèz te pran l. Epi, Pyè kòmanse fè fon. Li rele byen fò: “Jezi, sove m!” Lè sa a, Jezi lonje men l, li pran Pyè epi li di l: “Lafwa w piti! Sa ou te bezwen doute fè?”
Comparer
Explorer Mat 14:30-31
2
Mat 14:30
Lè Pyè reyalize jan van an te toujou fò, lapèrèz te pran l. Epi, Pyè kòmanse fè fon. Li rele byen fò: “Jezi, sove m!”
Explorer Mat 14:30
3
Mat 14:27
Lè Jezi wè sa, li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen!”
Explorer Mat 14:27
4
Mat 14:28-29
Lè sa a, Pyè di li: “Si ou vre Senyè, fè m mache sou dlo a vin jwenn ou.” Jezi di li: “Vini non!” Konsa Pyè desann bato a epi li kòmanse mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi.
Explorer Mat 14:28-29
5
Mat 14:33
Lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse adore l. Yo t ap di: “Nou wè vrèman vre, ou se pitit Bondye.”
Explorer Mat 14:33
6
Mat 14:16-17
Jezi di yo: “Yo pa bezwen ale. Degaje nou pou n ba yo manje!” Yo reponn Jezi: “Men se sèlman senk pen ak de pwason nou genyen.”
Explorer Mat 14:16-17
7
Mat 14:18-19
Jezi di: “Pote sa nou genyen yo ban mwen.” Apre sa, li mande tout moun yo pou yo chita sou zèb yo. Li pran senk pen ak de pwason yo. Li leve je l anlè epi li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li kase pen yo fè plizyè moso epi li bay disip yo pou yo distribye bay moun yo.
Explorer Mat 14:18-19
8
Mat 14:20
Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè tout moun fin rasazye, yo te ranmase douz panye plen rabouch ak ti mòso ki te rete.
Explorer Mat 14:20
Accueil
Bible
Plans
Vidéos