YouVersion Logo
Search Icon

Sophonie 3

3
1Malè a sila ki #Jr 5:23fè rebèl e ki #Éz 23:30 vin souye a; vil k ap oprime tout! 2Fi sa ki pa t obeyi a okenn vwa a. Li #Jr 2:30pa t dakò resevwa enstriksyon. Li pa t mete #Sòm 78:22 konfyans nan SENYÈ a. Li pa t rapwoche de Bondye li a.
3 # Éz 22:27 Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou #Jr 5:6 lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten. 4Pwofèt li yo se moun trèt #Jij 9:4san prensip. #Éz 22:26 Prèt li yo te souye sanktyè a. Yo te fè vyolans a lalwa. 5SENYÈ a #Det 32:4plen ladwati nan mitan li. Li p ap #Sòm 92:15 fè okenn enjistis. Chak maten Li fè jistis pa li vin parèt nan limyè. Li pa janm pa reyisi, men moun enjis yo pa gen wont menm.
6Mwen te detwi nasyon yo. Ranpa yo dezole nèt. Ri yo te vin #Jr 9:12gate, pou pèsòn moun pa pase. Vil yo fin detwi nèt, pou pa gen moun, #So 2:5 pou pa gen pèsòn ki rete ladan yo. 7Mwen te di: “Sèlman gen lakrent Mwen. #Job 36:10 Resevwa enstriksyon”. Konsa, kote nou rete a pa p vin koupe retire nèt, selon tout sa ke Mwen te deziye pou rive l. Men yo te leve bonè e te konwonpi nan tout zèv yo.
8“Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou #Éz 38:14-23rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske #So 1:18 tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.
9Paske nan lè sa a, Mwen va bay a pèp nasyon yo #És 19:18 lèv ki pirifye, pou yo tout ka rele non SENYÈ a, pou sèvi Li de zepòl a zepòl. 10Soti byen lwen rivyè Ethiopie yo, moun ki adore Mwen yo, menm fi dispèse Mwen an va vin #És 60:6,7 pote ofrann ban Mwen. 11Nan jou sa a, ou p ap #És 45:17vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki #És 2:12 plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an. 12Men Mwen va kite pami nou yon pèp ki aflije, ki malere, e yo va chache pwoteksyon yo nan non SENYÈ a.#És 14:30; És 50:10 13Retay Israël la p ap #Sòm 119:3; Za 8:3,16 fè okenn inikite, ni yo p ap bay manti, ni yon lang twonpe moun p ap twouve nan bouch yo. Paske yo va manje, e kouche, e pèsòn moun p ap fè yo pè.”
14Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan! 15SENYÈ a te retire #Sòm 19:9jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la #Éz 37:26-28 nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò. 16Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: #És 35:3,4Pa pè anyen, O Sion! #Job 4:3 Pa kite men ou vin fèb. 17SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou. 18Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren #Sòm 42:2-4 pou fèt deziye yo. Se yon repwoch yo ye pou ou. 19Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak #És 60:14tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè. 20Nan lè sa a, Mwen va #Éz 37:12,21fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen #Jr 29:14 retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.

Currently Selected:

Sophonie 3: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in