YouVersion Logo
Search Icon

Zacharie 8

8
1Pawòl SENYÈ Dèzame yo te vini kote mwen. Li te di: 2Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Mwen #Za 1:14 jalou anpil pou Sion; wi, ak gwo kòlè Mwen jalou pou li.”
3Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va #Za 2:10,11 demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”
4Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: #És 65:20 “Va gen ni granmoun gason, ni granmoun fanm nan ri a Jérusalem yo. Chak gason ak baton nan men l akoz anpil laj li. 5Epi ri vil yo va vin ranpli ak #Jr 30:19,20 jenn gason, e jenn fi k ap jwe nan ri yo tou.”
6Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Si sa parèt etonnan nan zye a retay pèp sila a, nan jou sa yo, èske sa va parèt #Jr 32:17,27 etonnan tou nan zye pa m?” deklare SENYÈ Dèzame yo.
7Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Gade byen, Mwen va sove pèp Mwen soti nan peyi #Sòm 107:3 lès la, e soti nan peyi lwès la. 8Mwen va #So 3:20mennen yo vin rete nan mitan Jérusalem. Yo va #Éz 11:20 pèp Mwen, e Mwen va Bondye yo nan laverite ak ladwati.”
9Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a #Esd 5:1 pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati. 10Paske avan jou sa yo, pa t gen salè pou moun, pa t gen salè bèt; pa t gen lapè nonplis pou sila ki t ap antre oswa ki t ap soti, #II Kwo 15:5 akoz lènmi li yo. Paske Mwen #És 19:2 te mete tout moun kont pwochen yo. 11Men koulye a, Mwen #Sòm 103:9 p ap aji ak retay pèp sa a tankou nan tan ansyen yo,” deklare SENYÈ Dèzame yo. 12“Paske va gen semans #Lev 26:3-6lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye #És 61:7 tout bagay sa yo. 13Li va vin rive ke menm jan nou te yon #Jr 29:18madichon pami nasyon yo, O lakay Juda, konsa Mwen va sove nou, pou nou kapab devni yon #Sòm 72:17 benediksyon. Pa pè, men kite men nou rete dyanm.”
14Paske konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Menm jan ke Mwen te #Jr 31:28gen entansyon fè nou mal lè papa zansèt nou yo te pwovoke Mwen a lakòlè a,” pale SENYÈ Dèzame yo, “epi Mwen pa #Jr 4:28 t ap repanti, 15konsa ankò, Mwen te pran desizyon nan jou sila yo pou #Jr 29:11 fè byen pou Jérusalem ak lakay Juda. Pa pè! 16Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale #Sòm 15:2verite a youn lòt, #És 9:7 egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo. 17Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.#Pwov 3:29; Za 5:4
18Epi pawòl SENYÈ Dèzame yo te vin kote mwen. Li te di: 19Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan #Za 7:3,5senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk #Luc 1:74,75 lanmou, laverite ak lapè.”
20Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Li va toujou rive ke #Sòm 117:1 pèp nasyon yo va vini, pèp a anpil vil. 21Pèp k ap viv nan yon nasyon va ale nan yon lòt e va di: ‘Annou ale vit #Za 7:2 chache favè SENYÈ a, e chache SENYÈ Dèzame yo. Mwen menm tou, mwen prale.’ 22Konsa #És 2:2,3anpil pèp ak nasyon pwisan va vin chache SENYÈ Dèzame yo nan Jérusalem, e pou #Za 8:21 mande favè SENYÈ a.” 23Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va #És 45:14-24 kenbe vètman an sila ki Jwif la, e va di: ‘Na p ale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’

Currently Selected:

Zacharie 8: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in