YouVersion Logo
Search Icon

Nahum 2

2
1Sila ki konn kaze brize a gen tan monte kont ou. Kenbe fò a! Veye chemen an! Ranfòse ren ou! Ranmase tout kouraj ou!#Jr 51:20-23
2Paske SENYÈ a va restore tout #És 60:15 glwa a Jacob, menm jan ak glwa Israël la, paske piyajè yo fin piyaje yo, e te #Sòm 80:12,13rache branch rezen li yo.
3Boukliye a mesye pwisan li yo vin wouj. Gèrye yo vin abiye an #Éz 23:14,15 kramwazi. Cha yo klere an asye nan jou derape a. Lans an bwa pichpen yo vin parèt. 4#És 66:15 Cha yo kouri fou nan lari. Yo sikile san kontwòl sou wout yo. Aparans yo tankou tòch, yo kouri patou tankou kout loray. 5Li rele #Na 3:18gèye pi chwa li yo. Yo #Jr 46:12 manke tonbe nan fòme yo. Yo prese rive nan miray la. Gwo barikàd syèj defans la fin prepare. 6Pòtay rivyè yo ouvri e palè a fin kraze nèt. 7Bagay la fin fèt; Ninive vin toutouni, li fin pote ale nèt. Sèvant li yo ap plenyen ak vwa toutrèl; y ap #És 32:12 bat lestonmak yo. 8Men Ninive te tankou ti lak dlo depi lontan; malgre sa, y ap sove ale. “Rete, Rete”! Yo kriye fò, Men #Jr 46:5 pèsòn pa gade dèyè. 9Pran piyaj ajan! Pran piyaj #Rev 18:12,16 lò! Paske gen trezò san limit—gen valè nan tout bagay presye yo. 10Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. #Sòm 22:14 Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e #Jl 2:6figi yo vin blèm! 11Kote fòs lyon yo ye? Kote plas la tout jenn lyon yo te manje? Kote andwa a manman lyon an ak ti lyon an te konn mache? Plas la kote okenn pa t konn fè yo pè? 12Lyon an te kon chire viktim yo an mòso ase pou manje ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo. Li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak viktim. 13“Gade byen #Jr 21:13 Mwen kont ou”, pale SENYÈ dèzame yo. “Mwen va brile cha lagè li yo nan lafimen. Nepe a va devore jenn lyon ou yo. Mwen va retire nan peyi a, tout chè nou te konn manje. Konsa, vwa mesaje nou yo p ap tande ankò.”

Currently Selected:

Nahum 2: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in