YouVersion Logo
Search Icon

Michée 6

6
1Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di:
“Leve, plede ka ou devan mòn yo;
kite kolin yo tande vwa ou.
2Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a,
e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo.
Paske #És 1:18SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a,
e Li va plede ka Li ak Israël.
3“Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou?
# Jr 2:5; És 43:22,23 Nan kisa Mwen te fatige ou?
Reponn Mwen!
4Anverite Mwen te mennen nou
monte soti nan peyi Égypte.
Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la.
Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”#Det 7:8; Egz 4:10-16
5Pèp mwen, sonje koulye a konsèy
Balak, wa Moab la ak sa Balaam,
fis a Beor a, te reponn li depi
nan Sittim rive Guilgal,
pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”
6 # Sòm 40:6-8 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,
e bese m ba devan Bondye anlè a?
Èske mwen ta vini ak ofrann brile,
ak ti bèf ki gen yon lane?
7Èske SENYÈ a pran plezi nan #Sòm 50:9 milye de belye yo?
Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?
Èske se #Lev 18:21premye ne mwen an mwen dwe bay
pou zak rebelyon mwen yo?
Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?
8Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.
Ki sa SENYÈ a egzije de ou?
Sèl pou #És 56:1 fè sa ki jis, renmen #Os 6:6Mizerikòd,
e mache nan imilite ak Bondye ou a?
9Vwa SENYÈ a va rele vè vil la,
e sajès, li menm, fè lakrent non Ou.
“Koute baton an,
ak Sila ki te deziye l.
10Èske toujou gen trezò #Jr 5:26,27mechanste
lakay mechan an, ak yon mezi ki manke?
Ki se madichonnen?
11Èske Mwen kapab tolere yon #Lev 19:36 fo balans
ak yon sachè fo pèz?
12Paske moun rich li yo plen vyolans.
Rezidan li yo fè #Jr 9:2-6,8 manti,
e #És 3:8lang yo twonpe soti nan bouch yo.
13Konsa tou, Mwen te frape ou ak #Mi 1:9; És 1:7yon blesi grav.
Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.
14Ou va manje, men ou #És 9:20 p ap satisfè.
Imilyasyon ou va nan mitan ou.
Ou va vin mete sou kote,
men ou p ap #És 30:6konsève,
e sa ke ou t ap rezève a,
Mwen va bay li a nepe.
15Ou va simen, men ou p ap rekòlte.
Ou va kraze grenn oliv anba pye,
men ou menm p ap onksyone ak lwil;
kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.#Det 28:38-40; Am 5:11
16Paske se règleman #I Wa 16:25,26 Omri yo nou kenbe,
ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève,
e se nan konsèy yo ke nou #Jr 7:24mache.
Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt.
Pèp ou a va giyonnen,
e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”

Currently Selected:

Michée 6: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in