YouVersion Logo
Search Icon

Michée 4

4
1Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn
a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo.
Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo
va kouri kon dlo pou rive kote l.#És 2:2-4; Sòm 22:27
2Anpil nasyon va vin di:
“Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a,
lakay Bondye Jacob la,
pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo
e pou nou ka mache sou pa Li yo.”
Paske depi nan Sion, lalwa va sòti
e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.#És 2:3; Sòm 25:8,9,12
3Konsa, Li va #És 2:4 jije antre anpil pèp e pran
desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen.
Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen #Jl 3:10cha
pou laboure latè yo,
ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj.
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e
p ap aprann fè lagè ankò.
4Men yo va fè chak moun #I Wa 4:25; Lev 26:6 chita anba chan
rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo.
Pèsòn p ap fè yo pè:
paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.
5Malgre tout pèp yo mache
nan non dye pa yo, pou nou menm,
# Za 10:12 nou va mache nan non SENYÈ Bondye
nou an jis pou tout tan e pou tout tan.
6“Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a,
“Mwen va #Sòm 147:2rasanble moun bwate yo,
e Mwen va reyini moun rejte yo,
ak sa ke M te aflije yo.
7Mwen va fè moun bwate yo
vin yon #Mi 5:7,8 retay, e moun rejte yo
vin yon nasyon pwisan;
Konsa, #És 24:23SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion
depi koulye a rive jis pou tout tan.”
8A nou menm, #Sòm 48:3,12 wo tou bann mouton an,
mòn fi Sion an,
sou ou menm, li va retounen.
Wi, menm #És 1:26ansyen pouvwa a,
wayòm nan de fi Jérusalem nan.
9Alò, poukisa ou #Jr 8:19 rele anmwey konsa?
Èske pa gen wa pami nou?
Èske #És 3:1-3konseye nou an fin peri?
Kite gwo doulè a sezi nou
kon yon fanm k ap pouse fè pitit?
10Se pou ou vin an doulè,
doulè pou pouse fè pitit
fi a Sion an,
kon yon fanm ki ansent;
paske koulye a, ou va #II Wa 20:18 sòti nan vil la
pou rete nan chan,
e ou va ale menm nan Babylone.
# És 43:14 La, ou va delivre.
La, SENYÈ a va rachte ou,
soti nan men ènmi ou yo.
11Epi koulye a, gen #És 5:25-30anpil nasyon
ki rasanble kont ou k ap di:
“Kite li fin souye nèt,
e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”
12Men yo pa #Sòm 147:19,20konnen refleksyon a SENYÈ a,
ni yo pa konprann bi Li a;
paske Li te ranmase moun sa yo,
kon pakèt sereyal yo,
pou pote sou glasi vannen an.
13Leve pou #És 41:15 bat jèm nan, O fi Sion an!
Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè,
e zago ou kon yon zago an bwonz.
Ou va #Jr 51:20-23bat an mòso anpil pèp,
pou ou kapab konsakre a SENYÈ a
tout richès enjis pa yo,
ke nou ranmase ak tout byen pa yo,
bay SENYÈ tout latè a.

Currently Selected:

Michée 4: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in