YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 2

2
1Aprè Jésus te fin #Mi 5:2fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande; 2“Kote sila ki fèt #Jr 23:5Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”
3Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li. 4Li te rasanble tout chèf prèt yo avèk skrib a pèp la, e te kòmanse mande yo kote Kris la t ap fèt la.
5Yo te di li: #Jn 7:42“Nan Bethléem a Judée jan li te ekri pa pwofèt la”;
6 # Mi 5:2 “E ou menm, Bethléem, peyi Judée,
ou pa manke valè pami chèf Judée yo:
paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm,
Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël”.
7Konsa, Hérode te rele mesye saj yo an sekrè pou fè yon ankèt egzakt pou konnen kilè #Nonb 24:17zetwal la te parèt la. 8Li te voye yo Bethléem e li te di yo: “Ale Chèche pou twouve Pitit la, e lè nou jwenn li, voye di m sa, pou m ka ale adore Li tou.”
9Lè yo fin tande wa a, yo ale fè wout yo, e konsa zetwal la ke yo te wè nan lès la, te ale devan yo jiskaske li te vin kanpe kote menm ke Pitit la te ye a. 10Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa. 11Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te #Mat 14:33adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami. 12Men akoz ke yo te avèti #Job 33:15nan yon rèv ke yo pa t dwe retounen kote Hérode, yo te ale nan peyi yo pa yon lòt wout.
13Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te #Mat 2:12,19vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”
14Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L pandan nwit lan pou te ale an Égypte. 15Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.
16Lè Hérode te vin wè ke li te #Mat 2:1twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo. 17Konsa, sa ki te pale pa pwofèt Jérémie an te vin akonpli lè l te di konsa:
18 # Jr 31:15 “Yon vwa te tande nan Rama;
yo te kriye e fè gwo lamantasyon.
Rachel ki t ap kriye pou Pitit li yo;
li te refize konsole, paske yo pa t la ankò.”
19Men lè Hérode te vin mouri, yon zanj #Mat 1:20te parèt an Égypte pou di Joseph nan yon rèv: 20“Leve, pran Pitit la avèk manman L pou ale nan peyi Israël, paske sila yo ki t ap chèche touye Pitit la gen tan mouri.”
21Konsa Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L, e te ale nan peyi Israël. 22Men lè li tande ke Archélaüs te gwo chèf nan Judée nan plas papa li, Hérode, li te pè ale la. Lè li te fin #Mat 2:12,13-19avèti pa Bondye nan yon rèv, li te sòti la, e te ale nan anviwon Galilée yo. 23Li te vin rete nan yon vil yo rele #Luc 1:26Nazareth pou sa ke pwofèt yo te pale yo ta kapab akonpli: “Yo va rele Li yon Nazareyen”.

Currently Selected:

Matthïeu 2: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in