YouVersion Logo
Search Icon

Habacuc 3

3
1Yon priyè Habacuc, pwofèt la, selon fòm Sigonoth la.
2SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm
e mwen kanpe etonnen nèt.
O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo.
Fè yo vin koni nan mitan ane yo.
Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.#Sòm 71:20; Hab 1:5
3Bondye soti nan Théman;
Sila ki Sen an soti nan Mòn #Jr 49:7; Jen 21:21 Paran. Tan
Bèlte Li kouvri syèl la,
e tè a vin plen ak lwanj Li.
4 # Sòm 18:12 Ekla Li tankou reyon solèy la.
Gen tras klate limyè ki soti nan men L,
e nanpwen anyen ki kache de #Job 26:14 pouvwa Li.
5Devan Li, tout kalite touman mache;
dèyè Li, epidemi a swiv sou pye L.#Egz 12:29-30
6Li te kanpe;
tè a te sikwe.
Li te gade;
nasyon yo te #Job 21:18; Hab 1:12etone.
Wi, lansyen mòn yo te vin detwi,
ansyen kolin yo te vin efondre.
Chemen li yo dire jis pou tout tan.
7Mwen te wè tant a Cush yo #Egz 15:14-16 anba detrès.
Rido tant a Madian yo t ap tranble.
8Èske SENYÈ a te malkontan ak rivyè yo?
Èske se ak rivyè yo Ou te fache?
Oswa, èske kòlè Ou te kont lanmè a,
ki fè Ou te monte sou cheval Ou yo,
sou cha delivrans Ou yo?#Egz 7:19,20; Egz 14:16,21
9Ou te rale banza a soti nan fouwo l;
Ou te rele flech ou yo fè semàn an. Selah.
Ou te fann tè a ak rivyè yo.#Sòm 78:16
10Mòn yo te wè, Ou e yo te tranble.
Flèv dlo yo te kouri desann.
Pwofondè a te gwononde.
Li te #Sòm 93:3 leve men l anlè.
11 # Jos 10:12-14 Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo.
Nan eklè flèch Ou yo,
ak briyans lans Ou yo,
solay ak lalin nan te kanpe sou plas.
12Nan gwo kòlè Ou, Ou te #Sòm 68:7mache travèse tè a.
Nan kòlè Ou, Ou te #És 41:15 foule mache sou nasyon yo.
13Ou te soti pou #Egz 15:2delivrans a pèp Ou a,
pou sali pèp onksyon Ou an.
Ou te frape tèt peyi mechanste an.
Ou te ekspoze li nèt,
depi nan kwis li pou rive nan kou l. Selah.
14Ou te frennen tèt gèye li yo ak pwòp nepe yo.
Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou.
Ak gwo lajwa yo te tankou sila
ki devore malere an sekrè yo.#Dan 11:40; Sòm 10:8
15Ou te #Sòm 77:19foule mache sou lanmè a
ak cheval Ou yo,
sou lam lanmè a k ap boulvèse dlo a.
16Mwen te tande,
e zantray mwen te tranble.
Lèv mwen te tranble ak son vwa a.
Pouiti la lantre nan zo m,
mwen te tranble sou plas,
paske #Luc 21:19mwen oblije tann jou detrès la, byen kal,
tan pèp la k ap leve vin anvayi nou.
17Menmsi #Jl 1:10-12pye fig la pa ta fleri,
ni pa gen fwi sou branch rezen yo,
menmsi donn oliv la vin sispann,
e chan yo pa pwodwi manje,
menmsi bann mouton an ta koupe
separe de pak la,
e pa gen bèf nan pak la,
18mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a.
Mwen va rejwi nan #Sòm 25:5Bondye, sali mwen.
Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.
19Senyè BONDYE mwen an se #Sòm 18:32,33fòs mwen.
Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf;
Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo.
Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.

Currently Selected:

Habacuc 3: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in