Rit 4

4
Maryaj Bowaz ak Rit
1Bowaz ale nan antre vil la, kote lidè vil la yo te konn reyini epi li chita. Lè manm fanmi ki pi pwòch Elimelèk la, sa Bowaz t ap pale Rit la, te vin parèt, Bowaz di l: “Avanse non zanmi m, vin chita.” Konsa, mesye a avanse epi li chita.
2Bowaz te reyini dis nan notab lavil la epi li mande yo pou yo chita. Yo tout te chita la.
3Apre sa, Bowaz di mesye ki pi pwòch fanmi Elimelèk la kon sa: “Nawomi, te retounen soti nan peyi Mowab. Kounye a l ap vann pòsyon tè ki te pou Elimelèk, frè nou an. 4Mwen deside fè ou konnen sa devan tout moun ak tout lidè ki chita la yo pou si ou vle achte l. Si ou ap pran l, fè sa. Si ou p ap fè l, di m sa pou m ka konnen paske se ou ki premye moun ki gen dwa sa a; se apre w mwen vini. Mesye a te reponn wi m ap achte l.”
5Lè sa a, Bowaz di l: “Si ou achte pòsyon tè a nan men Nawomi, ou ap oblije marye ak Rit tou, dam peyi Mowab la, defen an te mouri kite a. Konsa pitit gason ki pral fèt ak Rit la ka vin eritye papa l epi tè a ap toujou rete nan fanmi defen an.”
6Lè sa a, nonm ki te fanmi pwòch Elimelèk la di Bowaz: “M p ap pran l ankò, m pa vle kreye pwoblèm pou byen pa m yo. M ba ou dwa pa m nan, ou mèt achte tè a.”
7Te gen yon koutim nan peyi Izrayèl lè sa a, lè moun ap pran angajman konsènan yon pwopriyete, youn retire sandal li, li bay lòt la l. Yo te konn fè l konsa, se te yon fason pou siyen anba angajman an. 8Konsa, apre lòt pwotektè a fin di Bowaz: “Ou mèt achte l ou menm,” li te retire sandal li bay Bowaz.
9Bowaz pran lapawòl, li di dis notab yo ak tout lòt moun ki te la yo: “Nou tout sèvi m temwen. Jodi a m achte nan men Nawomi pòsyon tè ki te pou Elimelèk la ak tout sa ki te pou pitit li yo Kilyon ak Malon. 10Anplis de sa, m ap tou pran Rit, dam Malon te mouri kite a, pou l vin madanm mwen. Konsa, non fanmi lan ak tout eritaj fanmi lan ap kontinye pwolonje epi tout moun nan vil la ap toujou sonje defen yo. Mwen pran nou tout pou temwen m jodi a!”
11Lè sa a, tout notab vil yo ak tout lòt moun ki te la yo reponn, yo di: “Nou temwen! Se pou SENYÈ a beni madanm sa a ki pral antre lakay ou a, menm jan li te beni Rachèl ak tout Leya ki se manman pèp Izrayèl la. Se pou non w vin gran nan tout Efrata epi se pou tout lavil Bètleyèm tande moun k ap pale de ou. 12Se pou SENYÈ a fè Rit ba ou anpil pitit, menm jan ak lakay Perèz,#4:12 Perèz Se te yon ansyen paran Bowaz yo te respekte anpil. Pitit gason Tama te fè pou Jida a.”
13Apre sa, Bowaz marye ak Rit. Apre Bowaz te fin viv ansanm ak Rit kòm mesye ak madanm, SENYÈ a te fè Rit vin ansent epi li te fè yon pitit gason pou Bowaz. 14Medam yo nan vil la te di Nawomi konsa: “Beni non SENYÈ a pou pitit gason sa a#4:14 pitit gason sa a Literalman, “pwotektè” oubyen “rachte”. Menm si sa kapab yon referans a Bowaz, men se pwobab se yon referans a bebe a paske se li nan pita t apral pran swen Nawomi ansanm ak fanmi li epi pote non Elimelèk. li ba ou a. Se pou tout moun nan peyi Izrayèl tande pale de li. 15Pitit gason sa a gen pou l ankouraje w epi l ap pran swen w lè w vin granmoun nèt. Li se pitit gason bèlfi w la te fè pou ou a. Rit renmen w anpil. Epi li fè plis pou ou pase sa menm sèt pitit gason ta ka fè.”
16Nawomi pran ti pitit la, li mete l sou janm li. Se li menm ki te tou sèvi kòm gadò ti pitit la. 17Medam zanmi Nawomi yo bay ti gason an non. Yo di, “Kounye a SENYÈ a bay Nawomi yon pitit gason.” Yo te rele pitit la Obèd.#4:17 Obèd Non Obèd la vle di “sèvitè”. Se Obèd ki te vin papa Jese et Jese limenm te papa David.
Istwa fanmi David
18Men lis moun ki te soti nan fanmi Perèz: Perèz se te papa Ezwon.
19Ezwon te papa Ram.
Ram te papa Aminadab.
20Aminadab te papa Nason.
Nason te papa Salmon.
21Salmon te papa Bowaz.
Bowaz te papa Obèd.
22Obèd te papa Jese.
Jese te papa David.

Valgt i Øjeblikket:

Rit 4: VKF

Markering

Del

Kopiér

None

Vil du have dine markeringer gemt på tværs af alle dine enheder? Tilmeld dig eller log ind

YouVersion bruger cookies til at personliggøre din oplevelse. Når du bruger vores hjemmeside, accepterer du vores brug af cookies som beskrevet i vores privatlivspolitik