لۆگۆی یوڤێرژن
ئایکۆنی گەڕان

Travay 27

27
1Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou #Trav 18:2Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius. 2Nou te anbake nan yon bato Adramityen ki te prèt pou pran vwal pou rejyon akote kot Asie. Nou te monte nan lanmè a, akonpanye pa #Trav 19:29Aristarque, yon Masedonyen ki soti Théssalonique.
3Pwochen jou a nou te antre kote Sidon. Julius #Trav 27:43te byen trete Paul e te #Trav 24:23pèmèt li ale bò kote zanmi li yo, kote li te resevwa swen.
4Soti la nou te monte sou lanmè a pou te pran vwal anba pwoteksyon #Trav 4:36Chypre akoz van an ki te kontrè. 5Lè nou te fin travèse lanmè a toupre kot #Trav 21:39Cilicie ak Pamphylie, nou te rive nan Myra, nan Lycie. 6La santenye a te twouve yon #Trav 28:11bato Alexandryen ki t ap pran vwal pou Italie, e li te fè nou anbake. 7Nou te navige byen lantman pandan anpil jou, epi avèk difikilte te rive akote Nid, akoz ke van pa t pèmèt nou ale pi lwen. Akoz sa nou te pran vwal anba pwoteksyon #Trav 2:11Crète la, toupre Salmone. 8Konsa, avèk difikilte, nou te #Trav 27:13vwayaje pou rive a yon sèten kote ke yo te rele Beau-Ports, toupre lavil Lasea a.
9Lè anpil tan te fin pase, vwayaj la te vin andanje akoz ke tan #Lev 16:29-31Fèt Jèn nan te fin pase, e Paul te kòmanse avèti yo. 10Li te di yo, “Mesye yo, mwen prevwa ke vwayaj la va an verite gen #Trav 27:21donmaj ak gwo pèt, non sèlman pou bagay nou pote ak bato a, men anplis pou lavi nou.”
11Men santenye a te plis enfliyanse pa #Rev 18:17pilòt la ak kaptenn bato a, ke pawòl a Paul yo. 12Akoz pò a pa t bon pou pase sezon livè a, majorite a te rive a yon desizyon pou retounen sou lanmè a pou wè si yo ta kab rive Phoenix, yon pò nan #Trav 2:11Crète, anfas sidwès ak nòdwès pou pase sezon livè a la.
13Lè yon van sid byen modere te vin parèt, avèk kalkil la ke yo vin reyisi plan an, yo leve lank bato a, e yo te kòmanse #Trav 27:8pran vwal pou swiv Crète, toupre kot la. 14Men avan anpil tan, yon van vyolan, ke yo te rele Euraquilon te desann soti atè e te #Mc 4:37vin vole sou yo. 15Konsa, lè bato a te pran nan li, li pa t kab fè fas a van an, e nou te kite l pran nou pou lèse nou pouse pa van an.
16Pandan nou t ap kouri anba pwoteksyon a yon ti lil ke yo rele Clauda, nou te prèske pa t kab mete bato a anba kontwòl. 17Lè yo te fin leve l, yo te sèvi ak kab pou ranfòse bato a. Akoz pè ke yo ta #Trav 27:26,29vin echwe nan bafon Syrte la, yo te desann gwo vwal la, epi konsa kite van an pouse yo avanse.
18Nan demen, pandan nou t ap jete toupatou avèk vyolans akoz van a, yo te kòmanse #Jon 1:5vide chaj yo pote nan lanmè. 19Nan twazyèm jou a, yo te jete tout aparèy pou manevre bato a nan lanmè avèk pwòp men yo. 20Akoz ni solèy, ni etwal pa t parèt pandan anpil jou, e se pa yon ti kras tanpèt ki t ap atake nou an, depi la, tout espwa pou nou ta sove te disparèt.
21Lè yo te fin fè anpil tan san manje, Paul te kanpe nan mitan yo e te di yo: #Trav 27:10“Mesye yo, nou te dwe swiv konsèy mwen an pou nou pa pran lanmè a soti Crète pou envite fè rive donmaj ak pèt sila yo. 22Men koulye a mwen ankouraje nou pou #Trav 27:25,36pran kouraj, paske p ap gen pèt lavi pami nou, men sèlman chaj bato a. 23Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen, e Sila #Wo 1:9ke m sèvi, te kanpe devan mwen. 24Konsa li te di: ‘Pa pè anyen Paul. #Trav 23:11Ou dwe kanpe devan César. Gade byen, Bondye gen tan ba ou tout sila ki ap vwayaje avèk ou yo.’ 25Akoz sa, mesye yo #Trav 27:22,36pran kouraj. Paske mwen gen konfyans nan Bondye ke sa va fini menm jan ke Li te di mwen an. 26Men fòk nou #Trav 27:29echwe sou yon sèten #Trav 28:1lil.”
27Men lè katòzyèm nwit lan te vin rive, pandan van a t ap pouse vire nou nan Lanmè Adriatique la, anviwon minwi, yo te kòmanse vin konprann ke yo t ap pwoche vè yon tè. 28Lè Yo te sonde, yo te twouve ke se te a ven bwas pwofondè; epi yon ti kras pi lwen, yo te sonde ankò, e te twouve li a kenz bwas. 29Nan pè pou nou ta #Trav 27:17,26kouri atè yon kote sou wòch, yo voye kat lank pa dèyè bato yo e te espere pou jounen an vin rive. 30Men pandan mesye lanmè yo t ap eseye chape kite bato a, yo te deja lonje desann #Trav 27:16ti kannòt bato a nan lanmè a, sou pretèks ke yo t ap lonje lank pa devan yo, 31Paul te di santenye a ak sòlda yo: “Si moun sa yo pa rete nan bato a, nou menm nou p ap kab sove.”
32Alò, sòlda yo te koupe kòd a kannòt bato a, e te kite l tonbe lib.
33Jiskaske joune a te prèt pou pwente, Paul t ap ankouraje yo tout pou pran kèk bagay pou manje, e t ap di: “Jodi a fè katòzyèm jou ke nou ap veye san rete, ale san manje, e pa pran anyen. 34Konsa, mwen ankouraje nou pou pran kèk manje, paske sa se pou prezève nou; paske #Mat 10:30pa menm yon cheve nan tèt a okenn nan nou p ap peri.” 35Lè l fin di sa, li te pran pen e te #Mat 14:19remèsye Bondye nan prezans a tout moun. Li te kase li e te kòmanse manje. 36#Trav 27:22,25Yo tout te ankouraje e yo menm yo tout te pran manje. 37Nou tout nan bato a se te de-san-swasann-sèz #Trav 2:41moun. 38Lè yo te manje kont yo, yo te kòmanse fè bato a pi lejè pa #Jon 1:5voye ble nan lanmè a.
39Lè jounen an te vin rive #Trav 28:1yo pa t rekonèt tè a, men yo te wè yon pò avèk yon plaj, e yo te pran kouraj pou dirije bato a vè li si l te posib. 40Konsa, yo te #Trav 27:29jete lank yo, e te kite yo nan lanmè a, pandan nan menm moman an yo t ap lage kòd gouvènay yo, yo te monte vwal devan an pou van an pran l; konsa yo te tire vè plaj la. 41Men yo te vin frape a yon resif kote de lanmè te rankontre, yo te kouri echwe batimán an; pwent avan bato a te kole rèd, e pa t kapab deplase, men dèyè a te kòmanse kraze an moso akoz gwo vag lanmè a.
42Sòlda yo te fè plan pou touye tout prizonye yo, pou okenn nan yo pa ta chape naje nan lanmè a.
43Men santenye a #Trav 27:3ki te vle fè Paul rive sof, te anpeche entansyon yo a, e te kòmande ke sila ki te kapab naje, vòltije nan lanmè a avan pou naje rive atè, 44epi rès la ta swiv yo, kèk sou mòso bwa, e lòt yo sou plizyè lòt bagay pou kite bato a.
Konsa li te rive, ke yo #Trav 27:22,31tout te vin rive sof atè.

دیاریکراوەکانی ئێستا:

Travay 27: BSA

بەرچاوکردن

هاوبەشی بکە

لەبەرگرتنەوە

None

دەتەوێت هایلایتەکانت بپارێزرێت لەناو ئامێرەکانتدا> ? داخڵ ببە