YouVersion Logo
Search Icon

Sophonie 2

2
1Rasanble nou ansanm, wi rasanble nou, O nasyon #Jr 3:3 ki pa gen wont, 2avan dekrè a vini— avan jou pase tankou pay vannen —avan #Lam 4:11chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan #So 1:18 jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou. 3#Sòm 105:4Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. #Am 5:14,15 Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a. 4Paske Gaza va vin abandone, e Askalon va vin yon kote dezole. Asdod va chase mete deyò nan mitan jounen, e #Am 1:7,8 Ékron va vin dechouke. 5Malè pou sila ki rete kote lanmè yo, nasyon a #Éz 25:16 Keretyen yo! Pawòl SENYÈ a kont ou, O Canaran, peyi Filisten yo! Mwen va detwi nou jiskaske pa gen moun ki rete la ankò. 6Konsa bò kot lanmè a va tounen patiraj pou bèt, avèk kay pou bèje e pak pou bann mouton yo.#És 5:17 7Epi kot lanmè a va apatyen a #És 11:16retay lakay Juda a. Yo va fè #És 32:14 patiraj yo sou li. Nan kay Askalon yo, yo va kouche nan aswè; paske SENYÈ Bondye yo a va pran swen yo e restore davni yo. 8Mwen te tande lè Moab t ap #Éz 25:8vekse nou. Ak #Éz 25:3 malediksyon a fis Ammon yo, ke yo t ap vekse pèp Mwen an, e te fè tèt yo vin plen ògèy kont lizyè pa yo a. 9Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va #És 11:14 piyaje yo, e sila ki rete nan nasyon Mwen an, va eritye yo.” 10Se sa yo va twouve kon rekonpans #És 16:6ògèy yo, akoz yo te #So 2:8 vekse, e te vin awogan kont pèp a SENYÈ dèzame yo. 11SENYÈ a va vin #Jl 2:11tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye teritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va #Sòm 72:8-11 adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.
12Nou menm tou #És 18:1-7 Etyopyen yo, nou va detwi pa nepe Mwen.
13Li va #És 14:26 lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè. 14Bann bèt sovaj va vin kouche nan mitan l, tout kalite bèt yo. #És 14:23 Grangozye, ni zagoudi va vin rete sou gran vil li yo. Vwa yo va chante nan fenèt yo. Papòt yo va rete dezole, paske Li te devwale nèt tout gran travès bwa sèd yo. 15Sa se gwo vil ki plen ak kè kontan, ki #És 32:9,11 te viv san refleshi. Li te di nan kè l: #És 47:8 “Se Mwen, e nanpwen sòf ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv, e va voye pwen mare yo anlè sou li.

Currently Selected:

Sophonie 2: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in