YouVersion Logo
Search Icon

Zacharie 9

9
1Yon revelasyon.
Pawòl SENYÈ a kont peyi Hadrac la,
e l ap poze sou #És 17:1Damas,
paske zye a lòm ak tout trib Israël
se vè SENYÈ a,
2epi osi vè #Jr 49:23Hamath, ki nan lizyè li a;
# Éz 28:2-5,12 Tyr ak Sidon paske yo saj anpil.
3Paske Tyr te bati pou kont li yon #Jos 19:29fò;
li te fè depo ajan tankou pousyè,
ak depo #I Wa 10:21,27 lò tankou labou nan lari.
4Gade byen, SENYÈ a va #Éz 26:3-5; És 28:18rache
tout sa li posede,
e jete tout richès li yo nan lanmè.
Li va devore nèt ak dife a.
5Askalon va wè l e vin pè.
Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè;
epi Ékron, pou sa li te atann va desi.
Anplis ke sa, wa a va peri Gaza
e Askalon va vin pa gen moun.
6Yon ras mele va vin rete #Am 1:8Asdod
e Mwen va rache ògèy a Filisten yo.
7Mwen va retire san li,
soti nan bouch li,
ak abominasyon soti nan mitan dan l yo.
Konsa, yo va devni osi yon retay
pou Bondye nou an.
Yo va tankou yon chèf pou Juda, e
Ékron va tankou Jebizyen yo.
8Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a,
pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen.
Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò.
Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.#És 54:14
9Rejwi anpil, O fi a Sion an!
Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!
Gade byen #Sòm 110:1 wa ou ap vini kote ou;
Li #So 3:5jis e Li gen Sali;
Li enb e Li monte sou yon bourik,
menm yon jenn pòtre,
pitit a yon bourik.
10Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan,
ansanm ak cheval Jérusalem nan.
Banza lagè a va koupe retire;
Li va pale #És 57:19; Sòm 72:8lapè a nasyon yo.
Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè,
e nan Rivyè Euphrate la jis pou l
rive nan dènye pwent tè a.
11Menmjan an pou ou menm tou,
akoz #Egz 24:8san akò Mwen an ki avèk ou,
Mwen te mete prizonye ou yo an libète
soti nan twou fòs ki pa gen dlo a.
12Retounen nan #Jr 16:19sitadèl la,
O prizonye ki gen lespwa a!
Nan jou sa a menm, Mwen deklare
ke Mwen va #És 61:7 remèt ou doub de sa.
13Paske Mwen te #Jr 51:20 koube Juda
konsi se te banza Mwen.
Mwen te plen banza a avèk Éphraïm.
Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion,
kont fis ou yo, O Grèce,
e Mwen va fè ou vin tankou #Sòm 45:3nepe
a yon gèrye pwisan.
14Epi SENYÈ a va vin parèt #És 31:5; Sòm 18:14sou yo,
e flèch Li va pati tankou kout loray.
Senyè BONDYE a va sone twonpèt la,
e Li va mache nan van tanpèt sid yo.
15 # És 37:35 SENYÈ dèzame yo va defann yo.
Yo va #Za 12:6devore, e yo va foule anba pye
ak tout wòch fistibal yo.
Yo va bwè, e fè bwi tankou se diven y ap bwè.
Epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis,
tankou kwen lotèl yo.
16Konsa SENYÈ a, Bondye yo a, va #Jr 31:10,11sove yo
nan jou sa a, tankou foul moun a pèp Li a;
paske yo tankou wòch presye,
bijou yon kouwòn k ap klere toupatou
anwo tout peyi Li a.
17Paske a la gran, bonte Li va gran,
e a la gran, bèlte Li va gran!
Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere
ak diven nèf pou vyèj yo.#Jr 31:12,14; Sòm 27:4

Currently Selected:

Zacharie 9: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

Video for Zacharie 9