YouVersion Logo
Search Icon

Zacharie 4

4
1Konsa, #Za 1:9zanj ki t ap pale avè m nan te retounen. E te Li te fè m #I Wa 19:5-7 Leve tankou yon nonm yo te leve soti nan dòmi. 2Li te di m: “Kisa ou wè?”
Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bobèch pou chak lanp ki sou li yo.#Egz 25:31,37; Rev 4:5 3Anplis, gen #Za 4:11 de bwa doliv yo sou kote li, youn sou kote dwat bòl la, e lòt la sou kote goch la.”
4Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan. Mwen te di: “Kisa sa yo ye #Za 1:9 mèt mwen?”
5Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te reponn. Li te di m: “Èske ou pa konnen kisa sa yo ye?”
Mwen te reponn: “Non, mèt mwen.”#Za 1:9
6Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: #És 11:2-4‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa #II Kwo 32:7-8Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo. 7‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”
8Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 9“Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa. Se men l k ap fin fè l. Konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou. 10Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se #II Kwo 16:9zye SENYÈ a k ap #Za 1:10 veye toupatou sou tout tè a.”
11Mwen te di li: “Se kisa #Za 4:3 de bwa doliv sila yo ki sou kote dwat ak sou kote goch a chandelye yo ye?”
12Mwen te mande l yon dezyèm fwa. Mwen te di li: “Se kisa de branch doliv sila yo ki sou kote de tij an lò k ap vide lwil an lò k ap soti nan yo a?”
13Li te reponn mwen, e te di: “Èske ou pa konnen kisa yo ye?” Mwen te di: “Non mèt mwen.” 14Li te di: “Sa yo se de moun #Egz 29:7 onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.”

Currently Selected:

Zacharie 4: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in