YouVersion Logo
Search Icon

Zacharie 2

2
1Konsa, Mwen te leve zye m gade, e vwala, te gen yon nonm ak yon #Jr 31:39 lign mezi nan men l. 2Konsa mwen te di: “Ki kote ou prale la a?”
Li te di mwen: “Pou mezire Jérusalem, pou wè ki lajè li genyen, ak longè li.”#Jr 31:39
3Epi vwala #Za 1:9 zanj ki t ap pale avèk mwen an te sòti, e yon lòt zanj te vin parèt pou rankontre avè l. 4Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a, pou di l: #Za 1:17‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki #Éz 38:11 san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann. 5Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon #És 4:5 miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.
6“‘Vini! Vini! #Jr 3:18 Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a. 7‘Vini Sion! #És 48:20 Kouri chape poul nou, nou ki rete ak fi a Babylone nan.’ 8Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè #És 60:7-9 glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li. 9Paske, gade byen, Mwen va #És 19:16souke men M sou yo, e yo va vin #És 14:2 piyaj pou sila ki te sèvi yo. Epi konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen. 10Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va #Za 2:5 rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a. 11#Mi 4:2 Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou. 12SENYÈ a va #Det 32:9posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va #II Kwo 6:6 chwazi Jérusalem ankò. 13#Hab 2:20 Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”

Currently Selected:

Zacharie 2: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in