YouVersion Logo
Search Icon

Zacharie 14

14
1Gade byen, yon #És 13:6,9; Za 14:14 jou pou SENYÈ a ap vini, jou lè piyaj ke yo rache de nou menm yo, va divize andedan nou. 2Paske Mwen va #Za 12:2,3 rasanble tout nasyon yo kont Jérusalem pou batay. Vil la va vin kaptire, kay yo va piyaje, fanm yo va vyole. Mwatye nan vil la va voye an egzil, men rès a pèp la p ap koupe retire de vil la. 3Konsa, SENYÈ a va parèt pou #Za 9:14,15 goumen kont nasyon sila yo, jan Li goumen nan yon jou batay la. 4Nan jou sa a, pye Li va #Éz 11:23poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va #És 64:1,2 fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid. 5Nou va sove ale pa vale a mòn Mwen yo, paske vale a mòn yo va rive jis Atzel. Wi, nou va sove ale menm jan ke nou te sove ale devan #És 29:6 tranbleman tè nan jou Ozias la, wa Juda a. Epi SENYÈ a, Bondye mwen an va vini e tout sen fidèl yo va avèk Li!
6Nan jou sa a #És 13:10 p ap gen limyè, ni fredi, ni glas sou tè. 7Li va yon jou inik ki #És 45:21konnen pa SENYÈ a; li p ap ni lajounen ni lannwit, men li va vin rive ke nan #És 58:10 aswè, va gen limyè.
8Li va rive nan jou sa a, #Éz 47:1-12 kouran dlo yo va koule sòti Jérusalem; mwatye nan yo vè pati lès lanmè a, e lòt mwatye a vè pati lwès lanmè a. Li va konsa ni nan sezon ete ni nan sezon ivè.
9Epi SENYÈ a va #És 2:2-4 wa sou tout tè a. Nan jou sa a, SENYÈ a va yon sèl, e non Li va yon sèl.
10Tout peyi a va devni yon savann, depi #I Wa 15:22Guéba jis rive #Jos 15:32 Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve, e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a. 11Moun yo va viv ladann, e p ap gen malediksyon ankò, paske Jérusalem va #Jr 23:5,6 rete ansekirite.
12Men sa va fleyo avèk sila SENYÈ a va frape tout pèp ki te fè lagè kont Jérusalem yo: chè yo va #Lev 26:16 pouri pandan yo kanpe sou pye yo, zye yo va pouri nan tèt yo, e lang yo va pouri nan pwòp bouch yo. 13Li va vin rive nan jou sa a ke yon gwo panik ki sòti nan SENYÈ a va tonbe sou yo. Konsa, chak va #Za 11:6 kenbe men vwazen l, e men a youn va vin leve kont men a lòt la. 14#Za 12:2,5 Anplis, Juda va goumen nan Jérusalem. Richès a tout nasyon ki ozanviwon yo va vin rasanble ansanm; lò, ajan ak vètman an gran kantite.
15Jan #Za 14:12 fleyo sa a ye a, se konsa tou fleyo a va ye sou cheval, milèt, chamo, bourik ak tout bèf ki va nan kan sa yo.
16Epi li va vin rive ke tout moun ki rete nan tout nasyon ki te ale kont Jérusalem yo, yo tout va #És 60:6-9ale monte ane pa ane pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, e pou selebre #Lev 23:34-44 Fèt Tonèl yo. 17Epi sa va rive ke nenpòt moun nan fanmi sou latè yo ki pa monte Jérusalem pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, #Jr 14:3-6 Lapli p ap tonbe sou yo. 18Si fanmi peyi Egypte la pa monte oswa pa vini; alò, lapli p ap tonbe sou yo. Va gen fleyo ke SENYÈ a te frape nasyon ki pa t monte pou selebre Fèt Tonèl Yo.#Za 14:12,15 19Sa va pinisyon Egypte la ak pinisyon a tout nasyon ki pa monte pou selebre Fèt Tonèl yo.
20Nan jou sa a, va gen anons sa sou klòch cheval yo: #Egz 28:36-38 “SEN A SENYÈ A”. Epi chodyè ki kwit manje lakay SENYÈ yo, va tankou bòl devan lotèl yo. 21Tout chodyè pou kwit manje Jérusalem ak Juda yo, va vin sen pou SENYÈ Dèzame yo; epi tout moun ki fè sakrifis yo va vin pran yo, e bouyi sakrifis ladan yo. Epi p ap gen ankò, yon #So 1:11 Kananeyen nan kay SENYÈ Dèzame yo nan jou sa a.

Currently Selected:

Zacharie 14: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

Video for Zacharie 14