YouVersion Logo
Search Icon

Zacharie 12

12
1Pwofesi pawòl SENYÈ a konsènan Israël la. Konsa pale SENYÈ ki etann syèl yo a, ki poze fondasyon latè yo, e ki #És 57:16 kreye lespri a lòm nan anndan l lan. 2“Gade byen, Mwen ap fè Jérusalem vin yon tas ki va fè tout pèp ki antoure l yo, vin toudi. Epi nan lè syèj la kont Jérusalem nan, li va vin osi, kont #Za 14:14 Juda. 3Li va vin rive nan jou sa a, ke Mwen va fè Jérusalem vin yon #Dan 2:34,35,44,45 wòch ki lou pou tout pèp yo. Tout ki vin leve l va vin blese grav. Epi tout nasyon latè yo va rasanble ansanm kont li. 4Nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va frape tout cheval yo pou l dezoryante, e chevalye yo avèk foli. Men Mwen va ouvri zye Mwen sou lakay Juda, pandan Mwen ap frape tout cheval a pèp nasyon yo, pou yo vin avèg. 5Konsa, tout chèf a Juda yo, va di nan kè yo: ‘Moun ki rete Jérusalem yo se fòs mwen nan SENYÈ dèzame yo, Bondye pa yo a.’
6Nan jou sa a, Mwen va fè chèf Juda yo vin tankou yon gwo boukan dife pami mòso bwa yo, ak yon tòch k ap fè flanm dife pami pakèt sereyal yo. Yo va devore tout pèp ki ozanviwon yo, ni sou men dwat yo, ni sou men goch yo, pandan #Za 2:4 sila ki rete Jérusalem yo, va toujou demere nan pwòp lye pa yo Jérusalem.
7SENYÈ a va osi #Jr 30:18 sove anpremye tant a Juda yo, pou glwa kay David la, e glwa a sila ki viv rete Jérusalem, p ap depase Juda. 8Nan jou sa a, SENYÈ a va #Jl 3:16defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou #Egz 14:19 zanj SENYÈ a devan yo. 9Epi nan jou sa a, Mwen va #Za 14:2,3 kòmanse detwi tout nasyon ki vini kont Jérusalem yo.
10Epi Mwen va #És 44:3vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te #Jn 19:37 pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li. 11Nan jou sa a, va gen #Mat 24:30 gwo doulè Jérusalem, tankou fè dèy pou Hadadrimmon nan vale Meguiddon an. 12Peyi a va kriye, chak fanmi apa; fanmi lakay David la, apa, e madanm yo, apa; fanmi lakay Nathan an, apa, e madanm yo apa; 13fanmi lakay Levi, apa, e madanm yo, apa; fanmi a Schimeï yo, apa, e madanm yo, apa; 14tout fanmi ki rete yo, chak fanmi apa; e madanm yo, apa.

Currently Selected:

Zacharie 12: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

Video for Zacharie 12