YouVersion Logo
Search Icon

Women Yo 2

2
1Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou #II Sam 12:5-7jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. 2Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. 3Men èske ou sipoze sa #Luc 12:14o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? 4Oubyen èske ou panse ke #Wo 9:23richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5Men akoz de tèt ak kè di nou, #Det 32:34nou ap ranmase vanjans Bondye #Sòm 110:5pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6Li menm #Sòm 62:12va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7Sila yo ki #Luc 8:15pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste #Wo 1:16premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
10Men #Wo 2:7laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11Paske avèk Bondye #Det 10:17pa gen patipri. 12Paske tout moun ki fè peche #Trav 2:23san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a. 13Paske se pa #Mat 7:21,24sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye. 14Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa #Trav 10:35ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo. 15Konsa yo demontre ke #Wo 2:14,27zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo. 16Nan jou sa a selon levanjil mwen an, #Trav 10:42Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.
17Men si nou pote tit “Jwif”, #Mi 3:11depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye, 18konnen volonte Li, e #Fil 1:10vin dakò avèk tout bagay ki nesesè, paske se nou menm ki enstwi selon Lalwa a, 19si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo, 20yon korektè pou ensanse yo, yon pwofesè pou sila ki poko gen matirite yo, akoz ke nou gen Lalwa a kòm #Wo 3:31vrè baz konesans ak verite a; 21konsa, nou menm #Mat 23:3ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè? 22Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo? 23Nou menm ki #Mi 3:11vante tèt nou nan Lalwa a, malgre nou vyole Lalwa a, èske nou dezonore Bondye? 24Paske jan sa ekri a: #És 52:5“Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”. 25Paske anverite, sikonsizyon gen valè si nou ap pratike Lalwa a, men si nou se yon transgresè Lalwa a, #Jr 4:4sikonsizyon sa a gen tan vini ensikonsizyon. 26#I Kwo 7:19Donk, si yon nonm ki pa fizikman sikonsi #Wo 8:4swiv tout règleman Lalwa yo, èske ensikonsizyon li an pa konsidere kòm sikonsizyon? 27Epi li menm ki pa sikonsi fizikman, si li gade lalwa a, èske li p ap #Mat 12:41jije nou, ki malgre nou gen chak lèt lalwa a ak sikonsizyon, se vyolatè lalwa a? 28Paske #Jn 8:39sa ki fè yon moun Jwif se pa sa ki parèt deyò a. Ni vrè sikonizyon an se pa sa ki fèt nan chè eksteryè a. 29Men yon vrè Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. #Det 30:6Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. #Jn 5:44Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.

Currently Selected:

Women Yo 2: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in