YouVersion Logo
Search Icon

Sòm Yo 105

105
1O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!
Fè zèv Li yo #Sòm 145:12rekonèt pami pèp yo.
2Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.
# Sòm 77:12 Pale sou tout mèvèy Li yo.
3Bay non Li glwa!
Kite #Sòm 33:21 kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.
4Chache SENYÈ a ak fòs Li.
# Sòm 27:8 Chache fas Li san rete.
5Sonje mèvèy ke Li te fè yo,
mirak Li yo avèk #Sòm 119:13jijman ke bouch Li te pale yo.
6O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la,
sila ke Li te #I Kwo 16:13chwazi yo!
7Li se SENYÈ a, Bondye nou an.
# És 26:9 Jijman Li yo nan tout latè.
8Li te sonje akò Li a jis pou tout tan,
pawòl ke Li te pase lòd bay pandan #Det 7:9mil jenerasyon.
9Akò ke Li te fè avèk Abraham nan,
ak #Jen 26:3sèman ke Li te fè avèk Isaac la.
10Li te #Jen 28:13-15konfime li a Jacob kon yon règleman,
a Israël kon yon akò ki la pou tout tan.
11Konsa Li te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi
Canaan kon #Jos 23:4pòsyon eritaj ou,”
12Sa te fèt lè se te sèlman kèk grenn moun ke yo te ye,
pa anpil menm, mele ak moun #Jen 23:4etranje yo ladann l.
13Yo t ap mache toupatou
soti nan yon nasyon pou rive nan yon lòt,
soti nan yon wayòm pou rive kote yon lòt pèp.
14Li #Jen 20:7pa t kite pèsòn peze yo.
Wi, Li te repwoche wa yo pou koz a yo menm:
15 # Jen 26:11 “Pa touche onksyone mwen yo!
Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!”
16Li te #Jen 41:54rele gwo grangou rive nan peyi a.
Li te kraze sous pen an nèt.
17Li te voye yon nonm devan yo, Joseph ki te vann kon esklav.
18Yo te aflije #Jen 39:20pye li ak chenn.
Joseph, pou kont li, te kouche nan fè yo,
19jiskaske pawòl li te vin acheve.
# Jen 40:20 Pawòl SENYÈ a te fè l kanpe janm.
20 # Jen 41:14 Wa a te voye lage li.
Dirijan a pèp la menm, te bay li libète.
21Li te #Jen 41:40-44fè li mèt lakay li ak chèf sou tout byen li yo,
22pou mete prens li yo nan prizon lè l te pito,
pou l te kab enstwi ansyen sa yo sajès.
23Israël osi te rive an Égypte.
Konsa Jacob te #Trav 13:7 vin demere nan peyi Cham nan.
24SENYÈ a te fè pèp pa Li vin peple anpil.
Li te #Egz 1:7-9fè yo vin pifò ke advèsè yo.
25Li te #Egz 1:8vire kè yo pou yo rayi pèp Li a,
pou yo aji ak gwo mechanste avèk sèvitè Li yo.
26Li te #Egz 3:10 voye Moïse, sèvitè Li a,
avèk Aaron ke Li te chwazi.
27Yo te #Sòm 78:43-51fè zèv mèvèy Li yo pami yo,
avèk mirak nan peyi Cham yo.
28Li te #Egz 10:21-22voye tenèb e te fè l fènwa.
Epi yo pa t fè rebèl kont pawòl Li yo.
29Li te #Egz 7:20-21fè dlo yo devni san
e te fè pwason yo mouri.
30Peyi yo te ranvaye avèk #Egz 8:6krapo,
menm jis rive nan chanm a wa yo.
31Li te pale e te vin rive yon #Egz 8:16-21epidemi
mouch yo, ak vèmin nan tout teritwa yo.
32Li te bay yo #Egz 9:23-25lagrèl pou lapli,
avèk dife brile nan peyi yo.
33Li te frape fè desann tout chan fwi yo e
te kraze fann pyebwa nan teritwa yo.
34Li te pale e #Egz 10:12-15krikèt volan yo te vini.
Ak jenn krikèt san kontwòl.
35Yo te manje tout sa ki te vèt nan peyi yo,
e te manje fwi a teren yo.
36Anplis, Li te frape touye tout premye ne nan peyi yo,
# Jen 49:3 premye fwi a fòs yo.
37Li te fè yo sòti ak #Egz 12:35-36ajan ak lò.
Pami pèp Li yo, pa t gen yon grenn ki te tonbe.
38Égypte te #Egz 12:33kontan lè yo te sòti,
paske laperèz yo te fin tonbe sou yo.
39Li te louvri yon #Egz 13:21nwaj kon kouvèti,
avèk dife ki pou klere nan nwit la.
40Yo te mande e li te pote zòtolan pou
te satisfè yo avèk #Egz 16:15 pen syèl la.
41Li te ouvri wòch la e #Egz 17:6dlo te sòti ladann.
Li te koule kote sèch yo tankou yon rivyè.
42Li te #Jen 15:13-14sonje pawòl sen Li yo avèk Abraham, sèvitè Li a.
43Konsa, Li te mennen fè sòti pèp Li a avèk jwa,
sila ke Li te chwazi avèk #Egz 15:1gwo kri ak kè kontan yo.
44Li te #Jos 11:16-23bay yo, anplis, peyi a nasyon yo,
Pou yo ta pran posesyon a zèv a pèp yo,
45pou yo te kab #Det 4:1-40kenbe règleman Li yo, e swiv lwa Li yo.
Louwe SENYÈ a!

Currently Selected:

Sòm Yo 105: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in