YouVersion Logo
Search Icon

Sòm Yo 103

103
Yon Sòm David
1 # Sòm 104:1-35 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
2Beni SENYÈ a, O nanm mwen,
e pa janm #Det 6:12bliye benefis Li yo,
3ki #Egz 34:7padone tout inikite ou yo,
ki geri tout maladi ou yo,
4ki rachte lavi ou soti nan fòs la,
ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk
mizerikòd;
5ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,
Pou jenès ou vin #És 40:31renouvle tankou èg la.
6SENYÈ a #Sòm 99:4fè zèv ladwati pou tout sila ki oprime yo.
7Li te fè chemen Li yo byen klè a Moïse,
zèv Li yo a fis Israël yo.
8SENYÈ a plen #Egz 34:6 mizerikòd ak gras,
lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.
9Li p ap toujou goumen ak nou,
ni Li p ap #Jr 3:5-12kenbe kòlè Li jis pou tout tan.
10Li #Esd 9:13pa t aji avèk nou selon peche nou yo,
ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.
11Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a,
menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.
12Menm jan lès lwen lwès la,
Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.
13Menm jan #Mal 3:17ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
14Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.
Li sonje byen ke nou pa plis ke #Jen 3:19pousyè.
15Men pou lòm, jou li yo se #Sòm 90:5tankou zèb.
Tankou yon flè nan chan, se konsa li fleri.
16Depi #És 40:7van fin pase sou li, li pa la ankò e
plas li a pa rekonèt li ankò.
17Men #Sòm 25:6lanmou dous a SENYÈ a,
soti pou tout tan jis rive pou tout tan
sou sila ki gen lakrent Li yo
e ladwati Li a pitit pitit li yo,
18pou sila ki kenbe akò Li yo,
e sonje règleman Li yo pou fè yo.
19SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la
e souverènte li regne sou tout bagay.
20Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo,
pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li,
ki obeyisan a vwa pawòl Li!
21Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo,
nou menm #Sòm 104:4ki sèvi Li nan fè volonte Li.
22Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo,
nan tout kote nan wayòm Li an.
Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

Currently Selected:

Sòm Yo 103: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in