YouVersion Logo
Search Icon

Nahum 3

3
1 # Éz 2:6,9 Malè a vil sanglan an! Li plen nèt ak manti ak piyaj. Viktim li yo san fen. 2#Job 39:22-25 Bri a fwèt la, bri a wou k ap sone sou wòch yo, cheval k ap galope yo ak cha k ap vòltije yo! 3Chevalye k ap kouri desann yo; nepe k ap klere yo, lans k ap briye tankou solèy yo. #És 34:3Anpil mò, yon gwo ma kadav, ak #És 37:36 kò mouri san kontwòl— yo manke tonbe sou kadav mò yo! 4Tout sa akoz anpil aktivite a pwostitiye yo, sila ki vrèman byen pòtan yo, mètrès a gwo maji yo, ki vann nasyon yo nan pwostitisyon li yo, ak fanmi yo nan gwo wanga li konn fè yo. 5“Gade byen, Mwen vin kont ou”, deklare SENYÈ dèzame yo. Mwen va #És 47:2,3 Leve jip ou jis rive nan figi ou pou #Éz 16:37montre a nasyon yo toutouni ou, pou wayòm yo wè wont ou. 6Mwen va jete bagay ki sal nèt sou ou, #Job 30:8fè ou vin avili e fè ou vin #És 14:16 espektak. 7Konsa, li va vin rive ke tout moun ki wè ou, yo va fè bak, e yo va di: “Men Ninive fin devaste nèt! #És 51:19 Se kilès k ap fè dèy pou li? Se kibò pou m ta jwenn moun ki pou rekonfòte ou?”
8Èske ou pi bon pase #Jr 46:25 Nò Amon ki te pozisyone pami rivyè yo, ki te antoure ak dlo, ki te gen lanmè kon pwotèj li, e se lanmè ki te sèvi kon miray li? 9Se Éthiopie ki te pwisans li, ansanm ak Égypte ki te san limit. #Jr 46:9Puth ak #II Kwo 12:3 Libie te pami soutyen ou yo. 10Men li te #És 19:4 pote ale; li te antre an kaptivite. Tout ti pitit li yo te vin kraze an mòso nan tèt tout ri yo. Yo te fè tiraj osò pou onorab li yo, e mesye pwisan li yo te mare nan chèn. 11Ou menm tou va vin sou nèt. Ou va #És 2:10,19 kache. Ou menm tou va chache yon kote pou ou kache akoz de ènmi an. 12Tout gwo fò nou yo va tankou #Rev 6:13pye fig etranje ak #És 28:4 fwi ki mi— lè yo sekwe yo, yo tonbe nan bouch a sila k ap manje yo a. 13Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin #És 45:1,2 ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo.
14 # II Kwo 32:3,4; Na 2:1 Rale dlo ou pou kont ou pou fè syèj la! Ranfòse fò ou yo! Antre nan ajil la, e foule mòtye a anba pye ou. Byen bati kay fou k ap fè brik yo fò! 15La, dife sa menm va vin devore ou nèt. Nepe va koupe retire ou nèt. Li va devore ou tankou krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou yon krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou krikèt. 16Ou fin ogmante #És 23:8 machann ou yo plis pase zetwal syèl yo— krikèt volan ravaje, epi, konsa, li vole ale. 17#Rev 9:7Gad nou yo tankou krikèt. #Jr 51:27 Jandam nou yo tankou gwo lame krikèt volan k ap poze sou wòch nan jou fredi. Lè solèy la leve yo sove ale. Kote yo rive a, pèsòn pa konnen.
18Bèje ou yo ap dòmi, O wa Assyrie. Prens ou yo kouche nèt. Pèp ou an vin gaye sou mòn yo, e nanpwen moun ki pou rasanble yo.#Sòm 76:5,6; I Wa 22:17 19Nanpwen #Jr 46:11ti pansman pou sa k ap fè ou mal la. #Jr 30:12 Blesi ou a p ap ka geri. Tout moun ki tande koze ou va bat men yo sou ou, paske kilès moun san rete, ki pa t resevwa nan mechanste ou?

Currently Selected:

Nahum 3: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in