YouVersion Logo
Search Icon

Marc 5

5
1 # Mat 8:28-34 Yo te vini lòtbò lanmè a nan peyi Gadarenyen yo. 2Lè Li te fin sòti nan #Mc 3:9kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li. 3Li t ap viv pami tonm yo, e pèsòn pa t kab mare l ankò, menm avèk yon chèn. 4Paske li te konn mare souvant avèk gwo fè avèk chèn nan pye li. Chèn yo te konn vin chire separe nèt pa fòs li, e fè yo te kase an mòso. Pèsòn pa t kab donte l. 5Konsa, tout tan, lajounen kon lannwit, pami tonm yo ak nan mòn yo, li t ap kriye fò e t ap blese kò l avèk wòch.
6Lè l wè Jésus a distans, li kouri pwoche L pou l bese devan L. 7Li te kriye avèk yon vwa fò, e te di: #Mat 8:29“Kisa m gen avè w Jésus, Fis a #Luc 8:28Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!”
8Paske Li t ap di a li menm: “Sòti nan mesye sa a, ou menm move lespri a!” 9Konsa, Li te mande l: “Kòman yo rele ou?”
Li te di L: “Yo rele m #Mat 26:53Lejyon, paske nou anpil.” 10Li te kòmanse sipliye Li seryezman pou Li pa voye yo deyò peyi a.
11Konsa, te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan. 12Tout move lespri yo te sipliye Li e te di: “Voye nou nan kochon yo pou nou kapab antre nan yo”. 13Jésus te bay yo pèmisyon. Konsa nan sòti a, move lespri yo te antre nan kochon yo, e bann nan te kouri desann pant falèz mòn nan, jouk rive nan lanmè. Te gen anviwon de-mil nan yo, e yo te mouri nan dlo lanmè a.
14Konsa, gadyen yo te kouri kite lye a, e te bay rapò sa nan vil la, tankou andeyò. E moun yo te vini pou wè sa ki te rive a. 15Yo te vin kote Jésus e yo te wè mesye ki te konn gen move lespri a byen chita, byen abiye #Luc 8:35avèk tout bon lespri li. Se te menm moun ki te gen #Mc 5:9“Lejyon an”, e yo te vin gen krent. 16Konsa, sila ki te wè l yo, te pale ak yo sou jan sa te rive #Mat 4:24mesye move lespri a, ak tout afè kochon yo. 17E yo te kòmanse #Mat 8:34sipliye L pou L kite landwa sa a.
18 # Luc 8:38-39 Pandan Li t ap antre nan kannòt la, mesye ki te gen move lespri a te sipliye L pou l ta kapab ale avèk Li. 19Men Li pa t kite L ale, men te di li: #Luc 8:39“Ale lakay moun ou yo e bay yo rapò sou ki gran bagay SENYÈ a te fè pou ou, ak jan Li te fè ou gras.” 20Li te sòti, e te kòmanse #Sòm 66:16pwoklame nan #Mat 4:25Decapolis ki kalite bon bagay Jésus te fè pou li, e tout moun te etone.
21Lè Jésus te fin pase lòtbò ankò nan #Mc 4:36kannòt la, yon gwo foul te rasanble antoure Li. Li te #Mc 4:1bò kote lanmè a. 22#Mat 9:18-26Youn nan ofisye sinagòg yo ki te rele Jaïrus te pwoche. Lè l te wè Li, li te tonbe sou jenou Li. 23Li te sipliye Li byen fò e te di: “Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin #Mc 6:5poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv.” 24Epi Li te ale avèk li. Yon gwo foul t ap swiv Li e yo t ap peze L.
25Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane. 26E li te soufri anpil nan men a anpil doktè. Li te depanse tout sa li te posede san rezilta, men li te vin pi mal atò. 27Apre li te fin tande koze Jésus a, li te pwoche dèyè Li nan foul la, e te touche vètman Li. 28Paske li te reflechi: “Si m sèlman touche rad Li, mwen va geri”. 29Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan kò l ke #Mc 3:10maladi a te geri.
30Nan menm moman an, Jésus te santi nan Li menm ke #Luc 5:17pouvwa a te kite L. Li te vire kote foul la e te di: “Kilès ki te touche vètman Mwen an?”
31Disip Li yo te di L: “Ou wè tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: ‘Kilès ki touche M nan?’”
32Li te gade toupatou pou wè fanm ki te fè sa a.
33Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.
34Jésus te di li: “Fi, #Mat 9:22se lafwa ou ki bay ou lasante. #Luc 7:50Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.
35Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: “Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò”. #Mc 5:22 36Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: #Luc 8:50“Pa pè ankò; sèlman kwè”.
37Konsa, Li pa t kite pèsòn swiv Li sof ke #Mat 17:1Pierre, Jacques, ak Jean, frè a Jacques. 38Yo #Mc 5:22te vini lakay ofisye sinagòg la, epi Li te wè yon gwo tènten, ak moun ki t ap kriye fò e rele “anmwey”. 39Li antre, e Li te di yo: “Poukisa nou ap fè tout bri sa a, e kriye konsa? Pitit sa a pa mouri, men l ap dòmi”.
40Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men lè Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a. 41Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di #Luc 7:14“Tifi, Mwen di ou leve!”
42Lapoula, tifi a te leve e te kòmanse mache. Li te gen douz ane. Tout moun te sezi. 43Konsa, Li te #Mat 8:4bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.

Currently Selected:

Marc 5: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in